Nan mwa fevriye 2022 a CSPJ ki se konsèy siperyè pouvwa jidisyè te deja rann piblik Yon lis renouvèlman manda , bay pwomosyon ak entegrasyon jij nan sistèm jistis Peyi Dayiti a. Selon dokiman CSPJ a,Centre à la UNE jwenn 18 jij nan lis saa ki nan depatman Sant ki repati konsa.

1- Louisia André jij enstwiksyon Mibalè madanl renouvle poul travay Mibalè.

2-Leoster Louis jij enstwiksyon pou Ench.

3-Guy Hyppolite jij enstwiksyon pou Mibalè.

4-Hermann Simon jij enstwiksyon pou Ench.

5-Erode Tercius te nan TPI KmanwMibalè , li transfere Ench kòm jij enstwiksyon.

6-Jean Robert Dubuisson te jij enstwiksyon Mibalè, yo bal pwomosyon kòm jij koudapèl Ench.

7-Lexander Dorilas te jij e jij enstwiksyon Mibalè, yo bal pwomosyon kòm jij koudapèl Ench.

8-Jhonson Simon TPI Mibalè transfere Miragoâne selon dokiman CSPJ a.

9-Vernet Simon TPI Ench, yo bal pwomosyon kòm jij koudapèl Ench.

10-Sorel Dumornay ki te dwayen TPI Mibalè , yo bal pwomosyon kòm jij nan koudapèl Ench.

11-Mirelande Borgela te nan TPI Mibalè, li transfere kòm jij enstwiksyon P.au.P.

12- Diane Rose Victorin TPI Mibalè, li transfere kòm jij enstwiksyon grand Rivyè Dinò.

13-Esdras Duverglas mandal renouvle pou jij enstwiksyon Ench.

14- Edwige Dorsainvil jij TPI Mibalè.

15-Nesly Phele Jij enstwiksyon Ench mandal renouvle.

16- Mireille Cherestil Sylvain jij enstwiksyon Ench mandal renouvle

17-Anes J. Joazeus te prezidan a.i nan koudapèl, li monte prezidan koudapèl.

18- Samson Jean mandal renouvle kòm jij enstwiksyon Mibalè.

PIBLISITE PEYE

Kesyon tout moun ap poze pou ki bilan ak ki objektif gen tout mache prese sa yo , eske nominasyon sa yo rive fè jan lalwa dispoze pou fè sa a? Se pandan plizyè fwa sitwayen kap viv nan depatman Sant la pa janm sispann denonse pou jan lajistis nan plato santral ap likide tankou PATE CHO ,yo menm fè konnen tou mesyedam sa yo mare nan pye tab yon pakèt otorite eli ak gwo zotobre nan depatman an.

Yo ale pi plwen pou fè konnen , koripsyon kap kangrennen sistèm jistis peyi a pa diferan nan depatman Sant la , yon pakèt enpotan klase san swit , prizonye akoupi nan prizon san yo pa janm prezante devan yon jij,se tankou lajistis pa egziste .

Se sak fè ,yap rele anmwey jistis pou lajistis .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841