Plizyè otorite lokal nan Laskawobas, Mibalè tankou: kazèk seksyon Gaskòy komin Mibalè Daniel Tolinio, kazèk seksyon Wanpa Komin Laskawobas Moïse Baldé ak responsab UNICEF la Abner Dorvil St louis Emerson, responsab swivi projè DINEPA a ak kèk reprezantan fim AEJ: Jean Joël Chery, Plaisimon Kethler ak reprezantan fim BECAJ la; lanse projè dlo ki gen pou egzekite nan 2 komin sila yo: Mibalè seksyon Gaskòy ak Laskawobas seksyon Wanpa lokalite Pouli ak Platanal, lendi 13 jen 2022 a.

PIBLISITE PEYE

Abitan nan 2 zòn sa yo genyen gwo difikilte pou jwenn dlo pòtab selon sa Emerson St-Louis responsab swivi pwojè a esplike a jounal «Centre à la UNE». Li fè konnen tou projè a ap koute trant milyon twa san en mil sèt san katreven uit (30 301 788) goud pou seksyon Gaskòy Mibalè epi ven senk milyon nèf san trant sèt mil nèf san karant e en (25 937 941) goud pou pou seksyon Wonpa, Platanal nan Laskawobas.

Projè sila ap dire anviron 4 mwa.

Wisnic Rondeau, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841