Nan yon nòt piblik Vizyonè Plato Santral mete deyò jodi 13 Jen 2022 , fè konnen yo adere ak 100 % gwo mobilizasyon manch long sa ki kase pou demen Madi 14 Jen an vil Ench ,ki se chèf zònn depatman Sant la .

Nòt la komanse konsa :

NÒT VIZYONÈ PLATO SANTRAL

Mouvman Sosyo Politik VIZYONÈPLATO SANTRAL apiye gwo manifestasyon popilè kap fèt jounen madi 14 jwen 2022 nan vil Ench. Selon nòt yo mete deyò a

Yo kontinye pou fè konnen Abel Descollines, prezidan donè VIZYONÈ PLATO SANTRAL ankouraje tout animatè kominal VIP yo pou mobilize popilasyon an.

Ansyen depite sikonskripsyon Mibalè

Yo defini byen klè ansanm rezon ki motive yo pou reponn prezan ak fè solidarite ak tout òganizasyon ki anbake pou manifestasyon sa .yo fè konnen: Peyi a malad, peyi a pran an otaj , peyi a pap gouvène, peyi a pap dirije e se bandi ak vòlè kap fè sa yo vle.

Yo pwofite okazyon sa pou voye gwo boulèt wouj sou gouvènman an yo di ki rete sèlman nan Pòtoprens. Se poutèt sa yo santi : Plato santral meprize ,plato santral nan black-out, Gouvènman bliye si plato santral eksiste nan bidjè peyi a. Moun plato santral gen rezon pou manifeste, fòk peyi a libere e fòk sa chanje.

VIZYONÈ PLATO SANTRAL bat bravo la kontantman pou tout pati avèk òganizasyon ki pran angajman pou manifeste kont kidnapping, ensekirite, kowipsyon, grangou, movèz gouvènans elatriye. Se yo kap pale toujou.

PIBLISITE PEYE

Pou yo fini ak nòt la , pati politik sa ki gen rasin li nan depatman Sant la , VIZYONÈ PLATO SANTRAL di yo rete kwè se moun ki gen vizyon, konviksyon, onètete ak volonte kap kapab chanje kondisyon lavi pèp ayisyen.

Yo fè konnen: Randevou vil Ench jounen madi 14 jwen 2022.

Pou otantifikasyon :

Abel Descollines

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841