Sant sosyal laskawobas (lascaho Night-club)abandone depi yon bon bout tan espas silaa ki sitiye nan ri de legliz laskawobas rezève kounye a kote pou kabrit flannen ak pare solèy e lapli, lascaho night-club se yon espas nan komin nan kikonn bay meri laskawobas lajan tankou lwe pou gradiyasyon , program kiltirèl anpil lòt aktivite ki konn ap fet nan komin laskawobas. Espas la konn resevwa anpil jèn ki vin aprann danse latino, salsa e menm nan moman fèt drapo anpil kòdonè konn ap moutre anpil timoun fè parad.

Laskaho night-club itil anpil pou komin nan tankou gn yon pati nan espas silaa ki konn Loje jwè foutbol ASL yo ki konn soti lòt kote pou avansman ekip là pou kounyea yon pati nan espas kote jwè yo konn ye a remèt ak brigade des aires protégées ( BSAP), BSAP wi gen biwo nan sant Vil la sou ki baz? Pou ede lapolis travay ? Kiyes ki bayo espas silaa ? Anpil emisyon fet nan radio pou kesyon sou dosye silaa ni ajan BSAP yo ni responsab nan meri a pajanm reponn antouka…….

PIBLISITE PEYE

Poun ale pilwen espas silaa gnyn pati ki kote ak bibliyotèk nimerik laskawobas la yon òganizasyon nan komin nan te konstrwi pou raple nou tout moun ka wè ak de je nou chak fet patronal se anndan lascaho night-club konn gen gwo randevou ak djokannèl yo pou vin danse Tropikana pou kounyea ki diferan. Ki sa nap fè ? Lascaho night-club rezève pou itil komin nan oubyn kabrit ? Yon dosye nap swiv ?

Wisnic Rondeau centre a la une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841