Man with a rope tied his hands

Lapolis nan Mibalè arete pastè Wesly Jean-Lucien, Mardoché Boncoeur 16 lane ak Chaves Boncoeur 15 lane, dimanch 10 jiyè 2022 a nan vil Mibalè pou enplikasyon prezime yo nan yon ka «kidnapping».

Selon yon sous polisyè Centre à la UNE te kontakte sou dosye sila rapòte :» de (2) frè sa yo kise: Mardoché 16 lane ak Chaves Boncoeur 15 lane te fè fanmi yo konnen yo kidnape yo. Nan ankèt lapolis mennen yo dekouvri de (2) timoun sa yo kay Pastè Wesly Jean-Lucien yo te ye. Anfèt lapolis arete pastè a ak tou de (2) timoun yo dimanch 10 jiyè 2022 aprè kèk jou rechèch. Lapolis presize te gentan gen ranson ki te mande ak papa ti moun yo k ap viv nan Peyi Etranje» ke yo pa presize montan an pou jounal la.

Mèt Océan Frédéric ki se Avoka pastè Wesly Jean-Lucien nan kad dosye sila rapòte: » de (2) ti moun sa yo se de (2) ti moun pastè Wesly konnen byen paske yo lekòl nan lekòl pastè a. De (2) ti moun yo te esplike se P.au.P yo prale nan vakans, yo te pase dèyè mwayen kay pastè a».

Yon lòt sous pwòch fanmi timoun yo Centre à la UNE te kontakte rapòte : «timoun yo t ap viv ak bèlmè yo, yo te di bèlmè yo prepare yo paske yo pral pase vakans P.au.P. Bèlmè fè malèt yo epi jedi 7 jiyè yo di: yo ale P.au.P. Aprè yo vin pa gen nouvèl si yo rive ou pa, yo te deja kontakte papa yo k ap viv nan peyi etranje pou di yo kidnape yo. Fanmi an ak vwazinaj yo panike epi alète lapolis.

Pastè Wesly bò kote pal di: li pa konn anyen nan dosye a tout moun konnenl se yon moun ki onèt ki p ap melanje nan bagay ki sal. Se ti moun yo ki planifye afè yo li pa konnen anyen ditou. Nap presize Pastè Wesley ap dirije «Eglise Assemblée Chrétienne de la paix ki nan vilaj Mont Carmel Mibalè».

Pou kounya 2 frè yo; Mardoché Boncoeur ak Chaves Boncoeur plis pastè Wesly Jean-Lucien Ench ap reponn kesyon SDPJ ki probableman ka voye yo nan DCPJ pou fè limyè sou dosye kidnapping sila.

Poukisa ti moun yo te rive kay pastè a depi nan jedi 7 jiska dimanch 10 jiyè 2022 pastè a pat janm kontakte pròch timoun yo pou te enfòme yo ke timoun yo lakay li?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....