Madam Lerenie JOSEPH, responsab lekòl Nasyonal sant vil Boukankare a, mouri kalonnen ak kout wòch sou wout pou ale Bèlvi, nan yon lokalite ki rele Lasè nan 2yèm seksyon Boukankare Madi 19 Jiyè 2022 a. Yo pa rive idantifye moun ki fè krim nan.

Direktris Lerenie te gen 52 lane sou tèt li . Li te vin fè yon komisyon nan komin Mibalè, aprè te pran chemen pou l retounen lakay li, zefeyis yo poko idantifye jiskaprezan rive barel nan wout epi etenn souf edikatris la .

PIBLISITE PEYE

Selon temwanyaj kèk moun ki te gen chans wè kadav la rapòte: yo jwenn anpil wòch ak maksan prè mò a, e idantifye tou kèk mak li sanble kout wòch sou kòl. Donk, se endis sa yo ki ta montre se ak kout wòch yo lapide madam JOSEPH.

N ap siyale ak otorite jidisyè, lapolis ak tout otorite yo ke machinn ensekirite ap vale teren nan komin Boukankare , se pa lontan, samdi pase nan mitan jounen an , yo koupe tèt yon jèn gason nan mache Domanyan nan titmontay toujou nan komin Boukankare.

Banel LOUISSAINT, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841