Depi vandredi 22 jiyè 2022 a, Lopital Inivèsite Mibalè a (HUM) twouve l nan gwo panik, kote pa gen enèji elektrik pou pèmèt lopital la kontinye bay sèvis jan sa dwe ye.

Sitiyasyon sa a ki ta pwovoke gwo kè sote lakay fanmi ki gen moun malad, ki nan oksijèn. N ap raple, absans elektrisite sa a paralize tout lòt sèvis yo nan Lopital a. Lè nou konnen pa rapò ak kote l sitye a, se moun tout 10 depatman nan peyi a, ki soti nan tout rakwen ki vinn pran tikras laswenyay nan Mibalè.

Kèk fanmi ki gen malad lopital la, Centre à la UNE te rankontre ak dlo nan zye nan nwit vandredi 22 Jiyè a , yo te montre yo dezespere. Gen youn ki rapòte aprè anpil peripesi li pase nan kouri monte desann nan HUM nan randevou, finalman li te resi jwen li opòtinite pou manman l t al opere nan jou swa sa e malerezman pwoblèm sa a lakoz li pa fèt ankò , li fè konnen li dekontwole.

Ti Mafi ki se yon dam k ap viv nan zòn mèy Mibalè, se ak 2 ran dlo nan je ap kriye pou maril ki gen ti non Sanpare ki te entène lopital la pandan anviwon yon mwa, li rakonte maril mouri maten an koz pwoblèm kouran sila. Li fè konnen maril te gen pwoblèm respiratwa se tanzantan yo te metel nan oksijèn.

Jounal Centre à la UNE ki t’ ap resevwa anpil denonsiyasyon sou gwo pwoblèm sila nan Lopital Inivèsite Mibalè a, jan yo toujou fè kwè ki se pi gwo lopital peyi e se kote tou anpil milyon pase, Rezon sa yo te oblije jounal la rantre an kontak ak Mesye Voltaire JEAN ki se Administratè HUM.

Èkew ka esplike kisa ki pase menm lopital la ki koz blakawout la ?

Kòman sitiyasyon ye pou kounya?

Administratè Lopital Inivèsite Mibalè a (HUM) Voltaire JEAN konfime pou jounal CENTRE À LA UNE vrèman gen yon pwoblèm jeneratris ki lakoz fè nwa te anvayi tout lopital la. Li kontinye pou l di : Lopital la gen 3 jeratris, gen 2 ki 800 kw e youn ki 500 kw. Li fè konnen jeneratris sa yo gen plis pase 10 lane depi y ap fonksyone.

PIBLISITE PEYE

ADM Voltaire di tou se jeneratris ENDISTRIYÈL ki kapab pèmèt sèvis nan Lopital la byen fonksyone. Toujou nan mikro jounal Centre À La UNE, li presize premye jeneratris ki te tonbe an pàn nan, E-TRACK te mande 100 mil dola vèt pou l te ranje motè a, pàn sa a te la depi anvan menm li te jwenn pòs sa nan lopital la. Lòt 800 kw la te gen pwoblèm toujou nan motè a, se ak 65 mil dola ameriken yo repare l nan menm E-TRACK sa a. Lòt ki te rete a tonbe an pàn paske ponp dlo a ap bay pwoblèm. Kòm se sèl konpayi E-TRACK ki kapab rezoud pwoblèm sa yo, konpayi a fè konnen se nan peyi Almay pou yo al repare l, sa ap pran 7 jou pou yo jwen li. E, dènye sa ki t ap bay sèvis la, se sa ki gen 500 kw la, se byen malere, soudènman li jis chofe, se sa ki lage youn nan pi gwo Lopital nan Karayib la nan fè nwa a.

Yon lòt bò, responsab la fè konnen yo deja lwe yon jeneratris 500 kw ki nan wout k ap soti nan kapital peyi a Pòtoprens. Mesye Voltaire JEAN konfime pa gen okenn moun ki mouri, yo gen tan fè dilijans voye moun sa yo nan lapital KANJ lan e li garanti jodi samdi 23 jiyè 2022 a ap gen kouran nan Lopital la.

ADM Lopital la, Voltaire JEAN, pat bliye raple dèzyem sistèm enèji lopital la te gen pou l fonksyone a ki se enèji solèy la ki te gen 1800 pano solèy, ki te vinn pat fonksyone ankò, se lòt y ap chanje pou gen youn pi nèf. E li fè konnen yo pral genyen 400 kw kouran ak nouvèl teknoloji ki genyen an, men batri yo nan Ladwàn depi 3 mwa, pwoblèm peyi a fè yo poko ka dedwane. E Lopital la fè deman yon jeneratris 800 kw k ap rantre nan mwa Septamb k ‘ap vini la .

System 1800 pano solèy

Lopital Inivèsitè Mibalè a te inogire ak yon sitèm 1800 pano solèy kòm sous enèji, malerezman responsab yo pat janm itilize yo jiskaske yo epwize.

Èske se neglijans ki genyen kay responsab administrasyon zanmi lasante yo oubyen se konsekans lanmò Doktè Paul E. Famer ki kòmanse sakaje HUM? Ki sanksyon k ap pran si se ta lejète administrasyon an?

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....