28 Jiyè 1915 – 28 Jiyè 2022, 107 lane depi blan meriken te anvayi ti bout tè papa Desalin nan.
Okipasyon sila a bay nesans a emèjans yon gran lidè Ayisyen ki se Charlemagne Péralte, chèf de fil mouvman Kako a.Charlemagne Péralte fèt nan vil Ench, depatman Sant peyi a nan dat 10 oktòb 1885. Li te ala fwa yon revolisyonè, politisyen, militè, nasyonalis.
Pou reziste anba chay lokipasyon an, kèk Istoryen tankou Michel Soukar, Odette Roi Fombrun… rakonte, Charlemagne se youn nan kòmandan ki pa t janm bese lèzam, ni desann drapo peyi a douvan blan meriken nan depatman Lwès, zòn Lewogàn anvan menm Leta Ayisyen pa bay dizon li. Li te bay tout vi l pou l batay e revandike dwa ak distribisyon pou mas peyizan an. Se te youn nan ra Ayisyen ki pat mare nan pye tab blan, menmjan ak modèl politisyen Ayiti nou konnen jounen jodi yo. Charlemagne Peralt pa konn nan bese tèt, ni fè sousou lè tonton Sam te anvayi zile a, paske li te kwè, yo pa tap vini regle anyen ke ou wè kap pase jodia nan peyi Dayiti.
Avèk èd Benoit Batraville epi Kako yo ki te anviwon 40 mil konsa, Charlemagne pral tante monte yon gouvènman pwovizwa nan Nò peyi a nan lane 1919.Menm ane a, swa 31 oktòb, reprezantan tonton Sam yo rive arete li epi asaninen li, pou voye yon mesaj klè bay lòt revolisyonè yo e pou imilye pitit gason plato Santral la, blan meriken gaye foto Charlemagne tou mouri nan tout peyi a, sa ki pa t anpeche emèjans de lòt revolisyonè tankou Benoit Batraville, pitit Mibalè ak Sodo.
Nan liv ki rele : Cent ans d’occupation et de domination des États-Unis d’Amérique Nord sur Haïti 1915-2015, pwofesè Michel Soukar aprann nou se plis pase 10 mil rezistan ki te pèdi vi yo anba men blan meriken nan yon kan yo te louvri nan Nò, kote yo te antere sekrètman Charlemagne.
Jis kilè n ap jwenn yon lòt Charlemagne Peralte, pitit depatman Sant, ki kapab kanpe gade blan je vèt nan je pou defann enterè peyi a ?
Sérondier LOUISIA , Pwofesè Filozofi ak Lèt !