Nan yon operasyon direksyon depatman Sant la menen wiken pase a lapolis nan Mibalè entèpele (6) moun, plizyè nan yo se manm 400 mawozo nan Kwadèboukè selon sa la polis fè konnen.

Moun yo entèpele yo se:
1-Cherelus Makenson alyas Ti kanada 38 lane moun Kwadèboukè, arete nan komin Laskawobas
2-Dony Camille 34 lane moun Kwadèboukè youn nan moun ki te prezan lè yo te ale pran enspektè a nan legliz la nan moman yo ta pral asasinen li.
3-Senat Jean Yves alyas pouchon 40 lane, yon chèf gang nan Domon, alye pè Lebren 400 mawozo ke lapolis nan depatman Sant t ap chèche depi lontan.
4-Fontus Manicile 36 lane moun Domon ki se madan pouchon.
5-Lubin Marie Venchelle 25 lane moun Kwadèboukè madan Dony Camille
6-Orelien Edith 64 lane madan Fantom ki te bay prezime 400 mawozo yo kay pou te kache.

PIBLISITE PEYE

Moun sa yo pou kounya fèmen nan gadavi pandan dosye yo ap prepare pou defere yo devan enstans konsène pou swit legal yo selon enfòmasyon la polis nan Mibalè rann piblik.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841