Nan yon kominike Organisation Des Nations unies (ONU) mete deyò 15 dawou 2022 a, yo bay yon iltimatòm ak Wa Henry II plis akolit politik li yo pou degaje yo kou mèt Jean-Jacques jwenn yon protokòl dakò avèk tout aktè politik yo, yon mannyè pou jwenn yon solisyon ak kriz sa ki finn demanbre nasyon an, youn nan iltimatòm yo se mete sekirite nan peyi a epi òganize eleksyon. Wa Henry II pa gen dwa pase 17 oktòb k ap vini la a pou l pa jwenn akò sila selon kominike ONU mete deyò a.

PIBLISITE PEYE

Kilès ki konnen pou konbyen tan Ariel Henry pran tèt AYITI ?

Yon wa se yon moun ki genyen yon pouvwa san limit se sèl li menm ki ka deside remèt pouvwa a lè lide li di li. Wa a pa gen kont pou l rann a pyès moun. Se li ki deside tout bagay pou peyi a. Se li tou ki bay tèt li misyon. Kilès nan karakteristik sa yo Ariel Henry pa genyen?

Depi 20 jiyè 2021 Wa Henry II pran pouvwa a nan peyi a. Li nome 2 jou avan asasinay Ansyen prezidan Jovenel Moïse, swa 7 jiyè 2021.

Wa Henry II te deside bay tèt li misyon sila yo:

1- Lite kont ensekirite pou retabli lapè pou moun ka vakye ak okipasyon yo san krent.

2- Fè refòm nan konstitisyon an.

3- Òganize eleksyon

4- Jwenn yon akò politik

5- Konbat kòripsyon

Anpil moun nan popilasyon an wè aklè vrè objektif doktè a se pa atenn objektif li prezante popilasyon an, e se pou sa pwobableman li pa mete pyès dat sou yo. Poutan, konstitisyon peyi a klè, dire yon tranzisyon ta dwe 3 mwa.

Si nou ta fè yon egzèsis lojik, nou ka konprann vit Wa a ta dwe remèt pouvwa a lè li akonpli misyon li te bay tèt li yo. An nou fè yon ti kout je kote li ye nan misyon sila yo : kisa li fè deja, kisa li rete? Done sila yo pwouve byen klè se pa sou plas wa Henry II ap make pou li proteje pouvwa li. Soti 1e janvye pou rive 31 me 2022, genyen 540 kidnapping ki fèt pou pipiti nan peyi a, selon rapò ONU mete deyò, kidnapping nan ogmante a plis pase 36%. Genyen 782 omisid anviwon ki fèt. Dola Ameriken ap pete fyèl goud la. Se plis pase 150 goud yon moun bezwen pou yon dola. Se chak jou pwodwi yo ap monte Ayiti. Enflasyon an ap grenpe a 25%, gaz ki gen konsekans sou lavi chè pa disponib nan ponp, se bras k ap fèt paske l pa gen pri atè bò lari. Nou pa vle pale de chantay negosiyasyon wa Henry II pou fè tan pase, san volonte yon dyalòg reyèl.


Done sa yo montre wa Henry II pa montre li sansib ditou pou pèp la k ap toufe nan mizè ak ensekirite, ki pa ka sipòte ankò.

Piblisite peye

Objektif Wa Henry II se pa vrèman rezoud pwoblèm ensekirite, kidnapping, jwenn antant pou fè eleksyon. Rezon an senp, paske si li rezoud pwoblèm sa yo vrèman, li pral nan obligasyon pou remèt pouvwa a. Nan ka sa, se pèp la ki pou deside èske l ap kanpe goumen oubyen li dakò mouri toufe san diyite. Mond lan konnen tout vrè pitit Dessalines yo genyen diyite, e sitou pèp Ayisyen an se yon pèp ki kwè nan diyite ak souverènte.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....