Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pa janm sispann klewonnen gwo mezi ak refòm nan sistèm edikatif Ayisyen an. Desizyon sa yo pran sou pretèks yo vle modènize sistèm nan. Jan anpil ekspè nan domèn nan fè konnen se byen konte mal kalkile.

Menm jan gen anpil travay syantifik ki fèt pou analize, mete ansanm ak travay tèren yo reyalize sou mezi sa yo, yo toujou jije refòm sa yo tèt anba, yo pa adapte ak reyalite peyi a. Pou rezoud yon pwoblèm li toujou bon pou w rezoud li depi nan baz, se pa nan tèt w ap jwenn solisyon an. Sa ta fè kwè Ministè Edikasyon an toujou atake pwoblèm nan tèt san li pa pase nan baz la, se sa ki ta kondisyon ki koz pwoblèm yo pa janm rezoud vre, se ta pran pwoblèm vin mete sou pwoblèm, jan pwovèb kreyòl la di a: «Se yon apse sou klou».

PIBLISITE PEYE

Pa gen moun ki kapab mete an kesyon kapasite, konpetans ak eksperyans Minis Edikasyon an Nesmy Manigat. Se yon teknisyen peyi a genyen nan domèn sa e li pwouve sa pandan dènye ane sa yo. Men èske sa vle di li konnen reyalite lekòl rejyonal yo? Èske Minis la, se pa reyalite kèk gwo lekòl nan kapital la ki koz li tou chwazi sa yo pou rès peyi a?

Selon yon nòt Direktè adjwen edikasyon Sant lan, Diquessi Germain pibliye nan dat 13 Dawout 2022 a: «Daprè desizyon ministè 03 jen 2022 a, pwosesis separasyon Lekòl Fondamantal ak Lekòl Segondè ap mache byen nan depatman Sant lan». Li kontinye pou l di se depi nan lane 2015 nan ba plato santral la, an patikilye nan Lise Boukan-Kare, Savanèt, Sodo ak Laskawobas. Travay sa yo pral fini ane sa ak Lise Mibalè a. Pwofesè ki t ap travay nan Klas 7èm ane fondamantal yo deja jwenn lòd pou yo al travay nan lekòl debaz yo epi Lise Beladè a ki gen 3èm sik debaz yo pral antre nan jesyon Lekòl Nasyonal Thomas Madiou.

Mesye Germain presize twazyèm sik sa a ap kontinye fonksyone tanporèman nan lokal lekòl la nan aprè midi, men avèk pwòp ekip pa l.

Kidonk, pou ane 2022-2023 a, okenn nan 15 lise ki nan depatman Sant lan p ap resevwa enskripsyon pou klas 7èm AF la selon sa Diquessi Germain, Adjwen Direktè Depatmantal fè konnen.

Piblisite peye

Kesyon anpil moun ap poze, èske se mezi sa yo ki priyoritè pou moman sa, lè nou konnen gen yon pakèt Lise kap mal fonksyone, pwofesè ki pa janm ka touche, enspektè ki pase konkou ki poko janm nonmen, yon pakèt Lise k ap fonksyone de non ki pa vrèman gen yon lokal, si nou site Lise Sodo, Boukankare elatriye… Lise ki gen chans gen lokal yo pa gen laboratwa, jiskaprezan pwofesè yo poko resevwa yon fòmasyon ki adapte ak sistèm Nouvo Segondè a, e èske lòt lekòl sa yo tou ap an mezi pou resevwa kantite elèv Lise yo te konn resevwa a?

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar