Ekonomis Fritz Alphonse Jean te patisipe nan asanble jeneral òganizasyon sosyopolitik (IPAM) ki se Inisyativ Patriyòt Maryen te òganize jou ki te mèkredi 10 dawou 2022 a nan Komin Sentdizàn, Depatman Nòdès-AYITI.

Nan kad asanble sila a, prezidan eli akò Montana a fè konnen se nan batay moun pran pouvwa, puiske okenn negosyasyon pa posib san batay. Konsa, batay sa yo ki vize pran pouvwa a dwe fèt tout kote, men sitou atravè mobilizasyon miskle nan tout peyi a.

M. Fritz ale pi lwen pou rakonte, ensekirite peyi a ap sibi yo se yon konplo ki makonnen ant sektè prive a, sosyete sivil la ak gwo chabrak andedan Leta a ki fè chwa mete zam nan men jenn fanm ak jenn gason, nan sousi pou yo rive kontwole yon kantite teritwa, fè eleksyon malatchong nan peyi a pou yo ka kontinye kenbe pouvwa a epi banbile.

PIBLISITE PEYE

Ekonomis la fè yon brèf prezantasyon de tranzisyon an ki, selon li menm, dwe koupe fache ak tout vye pratik sistèm nan mete kanpe byen wo pou egòje popilasyon an chak jou, tankou pwoblèm dola a k ap kontinye souflete goud la de jou an jou.

M. Fritz A. Jean fini diskou li a lè li fè yon pledwaye pou yon konsansis nasyonal, marye avèk mobilizasyon nan tout peyi a, pou pote yon chanjman konkrè pou AYITI.

Èske ekonomis Fritz A. Jean ap rive atenn objektif li pou pran poubwa a?

Serondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841