Yon jou tankou jodi a
Madi 13 Septanm 2022. Nou nan 256èm jou, 37èm senmèn e 9èm mwa nan ane a.

Se te yon 13 Septanm
1943 Jeneral Tchiang Kaï-Chek vin prezidan peyi Lachin

1959 Yon fize sovyetik rive nan lalin

1976 Etazini opoze ak vot pou rantre Vyetnam nan ONU

1997 Mè Teresa antere nan lokal misyonè charite vil Calcutta nan peyi Ende

2001 Sekretè ameriken Colin Powell lonje dwèt sou Oussama ben Laden kòm youn nan sispèk ki dèyè atak teworis 11 Septanm 2001 ki te frape sant kòmèsyal World Trade Center.

Jodia se fèt fotbòlè italyen Fabio Cannavaro.

Yon 13 Septanm 1931 Michel Montaigne mouri, Montaigne se ekriven e filozof fransè.

Provèb jounen an di chimen bouton se chimen maleng

      Réginal LOUIS

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841