Premye minis Ayisyen an Ariel Henry, anonse pri gaz la pral monte nan ponp yo nan yon ti tan ki pa two lwen nan adrès li fè ak nasyon an lendi 12 septanm 2022 a, koze sila a leve plim sou do plizyè sitwayen nan peyi a espesyalman sila yo k ap viv nan plizyè depatman peyi a, se gwo mobilizasyon ak barikad nan divès kwen. Pwotestatè yo fè konnen se yon abi premye minis la ap fè pèp ayisyen an pandan li pa genyen ankenn lejitimite pou monte pri gaz la.

Dèlma 95 jis rive kafou aryopò te totalman enpratikab lendi 12 septanb 2022 a, Jeremi nan grandans, Okay nan Sid, Mibalè nan Sant se kèk kote ki te genyen gwo mouvman protestasyon fas ak anons Premye Minis lan. Fòs lòd yo oblije itilize gaz lakrimojèn pou anpeche ogmantasyon barikad yo, chofè taksi moto yo patisipe angrand majorite nan mouvman sila.

Mouvman pwotestasyon sila yo, mete divès sitwayen k ap sòti nan travay yo nan gwo difikilte pou rantre lakay yo.

Ansyen senatè Rica Pierre ak Andre Michel, ansyen avoka pèp la fè pati gouvènman sila ki deside monte pri gaz la pandan pri tout pwodwi premye nesite yo monte tet neg. Èske ogmantasyon sila ki anonse a, p ap lakoz pri manje ak divès lòt atik pral 3 fwa pi chè ?
pandan pri tout bagay yo monte èske salè minimòm nan ogmante tou. Selon sa ansyen depite Mibalè a Abel Descoline rakonte sou radio Eclaire, popilasyon an dwe kontinye mobilize kont lavi chè ak la mizè, paske ogmante pri gaz la se ogmante mizè Kay mas defavorize a.

Alexande Galvez ki te nan lari a, mande pou pèp la kontinye mobilize pou kondisyon lavi li chanje.

Nan vil Okap rue 6 A, yon ponp gaz pase anba dife swit ak desizyon gouvènman pran pou monte gaz la nan ponp yo.
se plizyè komin ki te gen manifestasyon lendi 12 Septanm 2022 a, tankou Dèlma, Mibalè, Jeremi, Okay, kafou pou nou site sa yo sèlman.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841