Yon jou tankou jodi a
Jedi 15 Septanm 2022
Nou nan 258èm jou, 37èm semèn e 9èm mwa nan ane a.

Kisa ki te pase yon 15 Septanm
48 Av. J.C Jules César mete dife nan vil Alexandrie

1821 Gwatemala, ansyèn koloni espanyòl jwenn endepandans li

1830 Wout fè ki relye vil Livòpoul ak vil Mannchestè louvri gras ak travay Georges Stephenson

1949 Konrad Adenauer vini premye chanselye Almay federal (RFA)

1994 Prezidan ameriken Bill Clinton menase otorite militè ayisyèn yo ki te voye gouvènman J. B. Aristide la ale

2004 Céline Dion resevwa prim Diamond Award kòm atis feminen ki vann plis albòm pou tout tan. Yon total 174 milyon soti ane 1987 pou rive nan ane 2004

2018 Jn. H. Céant vini 22èm premye minis Ayisyen.

Jodi a se anivèsè Prens Harry 2èm pitit gason Rèn Elizabeth II e frè aktyèl Wa Charles III.

Provèb jounen an di Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.

Réginal LOUIS, Centre à la Urne

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841