Nan yon nòt ki siyen pa plizyè òganizasyon ak sitwayen angaje mete deyò samdi 17 sektanm 2022 a, yo voye jete byen lwen akizasyon Prezidant pati politik FUSION an, Madam Edonde S. Bauzil fè sou Mèt Kevenot Dorvil nan yon tweet li te fè 16 sektanm 2022 a 2h18 nan aprè midi pou endekse Mèt Dorvil kòm gang ki tal boule kay li.

Nan nòt sila yo fè konnen, yo regrèt ke Senatris Edmonde profite de pouvwa li genyen nan gouvèman Ariel Henry a pou li akize Mèt Kevenot Dorvil san okenn prèv. Pandan yo pwofite pataje doulè Senatris la ki pèdi kay li ke li te fè anpil sakrifis pou li konstwi kòm moun klas mwayèn, men tou yo p ap aksekte li sal imaj kamarad yo a ak deklarasyon li a.

Yo profite siyale non kanmard yo Mèt Kevenot Dorvil pa janm patisipe ni de prè ni de lwen vyolans elektoral ak mete dife nan byen Leta. Yo fè konnen Mèt Dorvil se yon nèg entèg ki se Avoka nan bawo Pòtoprens, ki diplome nan syans politik INAGHEI anplis gen yon Master-2 nan dwa entènasyonal anfèt, Mèt la pa tip de moun ke Senatris la panse a.

Pou fini, yo di se yon strateji pou asasinen karaktè Mèt la ke yo byen konprann, e yo prè pou yo sipòte Mèt la nan tou demach bò kote enstans nasyonal ak entènasyonal konpetan yo pou fè respekte diyitel ak pèsonalitel.

Men lis siyatè yo:

ING, DAVID DESCIEUX, MOUVMAN DEBOULONNEN SISTÈM
DAUPHIN DENIS, NOUVLEVIV
GÉRALD FRANÇOIS, NOUVLEVIV
SOCIOLOGUE, PATRICE JOANEL, NOUVLEVIV
ING, JEFRY REMON, NOUVLEVIV
SOCIOLOGUE, JAUDE OSMEUS, NOUVLEVIV
HANDY JEAN LOUIS, NOUVLEVIV
LOUNA TIMOTHÉ, NOUVLEVIV, JEAN WILGUENS SAINTIL, NOUVLEVIV
ANDRÉ PIERRE, NOUVLEVIV/NORD
GRÉGORY MAURICE, NOUVLEVIV/ GRAND’ANSE
MAGALIE LACROIX, NOUVLEVIV/FOS DELMA
BENITEAU MERALUS, NOUVLEVIV/FOS DELMA
FRANCIA FELIX, FANM DJANM
JOCENEL CIVIL, SENDIKA MOTO LEGAL
GOUDOU MICHELIN, FOS POTOPRENS
ÉLYSÉE FORTUNÉ, CENTRAL L’OUEST
CITOYENS ENGAGÉS
PITELLY CHARLES
ECO, KEMPES RICHEMOND
AGR, MARSEIL JACQUES
ME. WANIS TOUSSAINT
GEST, MARCKINGTON VERGIN
COMP, JOHN LATORTUE
ADM, ROSE PIERLINE ANTOINE
FRDELYN VILVERT

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841