Nan yon nòt PARTI PLATFÒM NASYONAL SEKTÈ POPILÈ AYISYEN (PLANSPA) rann piblik samdi 17 sektanm 2023 a, yo mande aktè yo chita ansanm pou dyaloge pou jwenn yon solisyon tèt kole pou rezoud kriz peyi a ap travèse a.

Yo di yo pran lapènn pou yo gade nan ki sikonstans a politik eksklizyon mete pèp la nan ri. Se movèz jesyon kondisyon lavi Pèp la ap viv nan Peyi a kote enjistis sosyal ak ekstrèm povrete ki mete Pèp la nan kondisyon malouk sa yo.
Otorite etabli yo pa sispann pyetine totalman dwa ak byenèt Pèp la.

PATI PLANSPA ankouraje Pèp la manifeste san vyolans, san kraze brize, san bloke Peyi paske bloke Peyi ka lakoz fanm ansent, timoun, granmoun, andikape, tout moun malad an jeneral paka al pran swen kay doktè, yo ka pa jwenn wout pou yo ale lopital. Sa ka lakoz tou anpil moun ki deja nan grangou mouri nan lafen paske yo paka sòti al bwase pou jwenn ti lamanjay.

Yo kontinye pou di Dechoukay, kraze brize, bloke Peyi, rache manyòk se pwazon devlopman, se pwazon viv ansanm!

PATI PLANSPA mande tout aktè yo, tout fòs viv nasyon an pran wout chita-pale prese prese pou pèmèt finalman gen lapè anndan peyi a.
Chire pit sa a, konfli ki pa janm kaba sa a  koute pèp Ayisyen an twò chè, epi kou a twòp pou pèp la, kou chire pit sa a fè Pèp Ayisyen an mal. Koz chire pit, koz konfli sa a anndan sosyete a, li estriktirel, PATI PLANSPA konprann se enjistis sosyal ak povrete esktrèm ki baz li.

Yo fè konnen nan kafou difisil peyi a  twouve l la kote peyi an boulvèse ak yon kriz politik malouk ki egziste depi plis pase 215 lane endepandans, malgre nou eseye tout fòm de rejim politik : repiblik, wayote, anpi, prezidans a vi, sosyete a pa janm konnen sak rele tolerans, ni estabilite, ni pwogrè, ni koyezyon sosyal, ni jistis, ni tèt ansanm, ni dyalòg ni lapè. Kidonk, li lè li tan pou ayisyen konstwi lapè, chita pale antre yo. Pèp ayisyen anvi viv nan pwogrè, nan jistis sosyal, nan koyezyon, nan estabilite, nan lapè.

Pou fini, PATI PLANSPA ankouraje Otorite an plas yo tande vwa popilasyon an epi pran bon jan mezi pou amelyore kondisyon la vil.
 
Yon nòt ki pote siyati:
 
YANICK MEZIL LHERISSON
PREZIDANT PLANSPA

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841