Pòtoprens, Madi 20 sektanm 2022*.-;

Nan dat Jounen jodi 20 sektanm lan, Platfòm Nouvèl Ayiti(PNA) wete chapo l byen ba pou l salye memwa Papa nasyon an Jean Jacques DESSALINES. Nan dat sila a yon gason kanson ki kwè nan mounite e ki te envante libète pou moun nwa te di lavi bonjou.

Men tou jounen 20 sektanm sa a se yon gwo dat refleksyon pou Platfòm Nouvèl Ayiti(PNA). Refleksyon sou yon kokennchenn paradòks. Yon bò nou gen rèv Desalin lan (ideyal desalinyen an) pou bout tè ak pèp sa a e yon lòt bò reyalite dyabolik nou ye jodi an. Se lajounen ak lannwit. Kidnapping, gang k ap feraye, konplisite otorite yo ak gang yo, koripsyon nan prèske tout nivo nan administrasyon piblik lan, enjerans etranjè, enkonpetans, inondasyon menm aprè yon ti farinay lapli, esklizyon majorite an, pwostitisyon jèn gason ak jèn fanm, grangou, lavi chè, rate gaz, ayisyen k ap kouri kite peyi an nan nenpòt kondisyon pou gade kote lavi ap souri ba yo ak imilyasyon frè n ak sè n ap pran lòt bò dlo, sa yo se reyalite pèp ayisyen an chak jou. Sa n ap viv jounen jodi an pa vo dimansyon sakrifis Papa Nasyon an ak lòt zansèt yo te fè pou n te ka viv tankou moun sou bout tè sa a.

PNA kondane e denonse reyalite sa a otorite peyi yo an konplisite ak yon franj enpòtan nan kominote entènasyonal lakoz pitit peyi an ap viv. PNA ap goumen pou sa chanje e envite tout konpatriyòt ki swaf chanjman sa a pou vin mete men nan pat la. Li posib pou tout ayisyen ak ayisyèn viv ak diyite nan peyi an jan ideyal desalinyen an te vle sa a.

Yon lòt Ayiti posib.

Frantz Mackenzie LAINÉ, Sekretè Jeneral Platfòm Nouvèl Ayiti(PNA).

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841