Jedi 22 Septanm 2022. Nou nan 265èm jou, 38èm senmèn, e 9èm mwa nan ane a. Rete 100jou pou ane a fini.

Kisa ki te pase yon 22 Septanm
1792 Lafrans rantre nan yon nouvèl rejim politik ki se repiblik

1793 Dokiman pou libète esklav yo pibliye sou jefò komisè Sonthonax

1811 Jeneral Jérôme Maximilien Borgella sèmante poun vin prezidan konsèy depatmantal Sid

1862 Prezidan meriken Abraham Lincoln òdone liberasyon esklav tout kote nan peyi Etazini

1883 Yon jounen vyolans te frape Pòtoprens pa moun ki tap senpatize ak prezidan Louis Lysius Salomon Félicité Jeune

1927 Esklavaj kaba nan peyi Syeraleyòn

1949 Inyonsovyetik fè eksploze premye bonb, 4 tran aprè ameriken vin fè yon eksplozyon nikleyè

1957 Òganizasyon Eleksyon pou pòs prezidan pote Dòktè François DUVALIER sou pouvwa Ayiti li te gen anfas li Louis Déjoie

1973 Henry Kissinger vin premye ameriken natiralize ki okipe pòs sekrete deta

1974 Yon siklòn frape peyi Ondiras touye 5mil moun

1998 Siklòn Georges frape peyi Dayiti rive fè gwo dega.

Provèb jounen an di: Sak nan kè yanm sèl kouto ki konnen

Réginal LOUIS, Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841