Nan yon nòt pou laprès ki rann piblik mèkredi 28 septanm nan, Biwo Pwoteksyon Sitwayen (OPC) pataje kolè ak endiyasyon li sou kondisyon prizonye yo nan divès prizon nan peyi a epi mande paran prizonye ki mouri yo pou rele Leta ayisyen devan entans jidisyè entènasyonal yo.

Selon OPC, prizon sivil Okay, Sen-Mak, Jeremi, Fò Libète, Jakmèl ak Peti Gwav nan yon sitiyasyon difisil paske prizonye yo manke jwenn manje depi plizyè semèn. Sitiyasyon sila pa diferan nan divès lòt prizon nan peyi a.

OPC kontinye pou eksplike : sòti 23 dawout pou rive 27 septanm 2022, plis pase 12 prizonye mouri. Selon obsèvatè nasyonal ak entènasyonal yo, malnitrisyon ak absans swen medikal adekwa se kòz prensipal lanmò ayisyen sila yo ki deyè 4 miray .

OPC fè konnen 3 dènye ka ki anrejistre nan komisarya peti Gwav la, kote imaj yo vin viral sou rezo sosyal yo pèmèt yo tabli epi evoke gwo vyolasyon dwa moun, sitou dwa ak lavi, dwa ak lasante ak lamanchay elatriye.

Ofis pwoteksyon sitwayen an rekòmande pou ke gen mezi ki pran dekonsè ak patnè entènasyonal yo notamman sila yo kap travay nan domèn imanitè pou yo ka limite dega yo, pandan y ap tann refòm estriktirèl nan prizon ki sou tè papa Desalin nan.

OPC lanse apèl bay otorite konsène yo pou yo pa kite sitiyasyon an vin pi mal jiska menen yon katastwòf imanitè. Nòt sila siyen pa Pwotektè sitwayen an, Renan HEDOUVILLE

Joseph Cenes Centre à la Une .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841