Aprè altèkasyon ant fanmi Millien ak fanmi Gerôme nan Mibalè lendi pase a devan konsila Dominiken an, mouvman protestasyon yo relanse yon lòt fwa ankò jedi 6 oktòb 2022 a, nan vil mibalè depatman Sant Ayiti.

Swit ak yon altèkasyon ki te genyen ant yon gwoup mesye k ap travay nan konsila dominiken an sou lidèchip Sholson Millien te opoze ak kèk manifestan ki te deside tire wòch sou konsila a kote y ap fè bras viza, te itilize zam blanch tankou : manchèt, boutèy, wòch elatriye, te kanpe anfas manifestan yo ki te genyen nan tèt yo Donald Gerome k ap travay nan lopital HUM Mibalè, te replike jiskaske lapolis te vin bay gaz lakrimojèn pou evite afwontman ki ta ka pi grav nan mitan 2 gwoup yo.

Sholson deklare nan Mikwo laprès Donald Gerôme ki ap travay lopital HUM ki nan tèt manifestasyon an pa dakò manifestasyon an pase kote l ap travay la kise HUM, ebyen li men m tou li pa dakò pou manifestasyon an pase devan konsila a kote ekip li ap travay nan dosye viza.

Nan yon Konferans pou Laprès Dirijan Mouvman KANPE LA LETA bay mèkredi 5 oktòb 2022 a, kote yo pat mete dlo nan bouch pou yo te prezante kèk non nan lis moun ki te fè zak reprezay pou te kraze manifestasyon an pandan y ap pase devan konsila Dominiken Mibalè a.
Yo te endekse gwoup moun sila yo :

Millien Sholson di Shol
Josué Robert di Gros Josué
Roro tifrè Majistra Lochard Laguerre
Tchil
Jeff Dorvil
Papado
Claudy ri kapwa pitit Louloune
Alix
Ti David asteka
Janjan paskannòt
Djimitri Jean Gilles
Jean Eddy Michel
Urguenson

Tioutou ki abite nan ri yanyan se non you n nan moun ekip PHTK a voye atake Me Robenson MAZARIN e sesi pandan plizyè fwa, daprè sa Mèt la fè konnen.

Yon lot kote yo rapousib pou di :《 se ekip mesye sa yo ki fòme yon gwoup gang nan Mibalè pou teworize popilasyon Mibalèzyèn nan, e se menm gwoup sa ki te touye jounalis Néhemie Joseph 》 deklarasyon Jonas Pierre.

Nap presize seri
manifestasyon sila yo dewoule sou lidèchip estrikti kanpe la Leta espesyalman : Robenson Mazarin, Jonas Pierre, Donald Gerôme, Mamousse Pierre Toussaint, Jean Jean pou n site sa yo selman.

Manifestasyon pou jounen jedi 6 oktòb 2022 a te finalman pase devan lopital HUM rive Jilbè. Pwotestatè yo kraze vit yon bis ki asire transpò Ayiti Repiblik Dominikèn nan zòn Chatile.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....