Ansyen kòmandan fwon rezistans lan nan Latibonit, wilfort Ferdinand alyas (Tiwil) ak Wadly Mlthon, reyaji nan miko laprès jounen jedi 6 oktòb 2022 a, swit ak deklarasyon Premye Minis Ariel Henry te fe yè swa. 2 òganizatè yo rakonte mouvman pral pran yon lòt faz.

Ansyen kòmandan fwon rezistans lan fè konnen, apati lendi 10 oktòb k ap vini la a, mobilizasyon yo pral chanje faz. Li mande ak tout moun ki nan gouvènman pou remèt demisyone yo, pou evite yo pa viktim nan nouvo vitès ki pral pase nan mouvman an. Li kontinye pou l di, nan ti rès jou yo la li envite popilasyon an pou degaje yo ravitaye paske nan jou k ap vini yo, bagay yo p ap pitit nan Depatman Latibonit la.

Yon lòt bò, Wadly Mithon ki se yonn nan militan k ap goumen pou fòse Premye Minis Ariel Henry kite pouvwa a, nan deklarasyon l fè konnen farin nan p ap vini nan menm sak. Li pwofite leve vwa li pou mande demisyon tout otorite andedan peyi a k ap sipòte PM Ariel Henry nan tèt primati a, espesyalman otorite ki nan soti nan site Endepandans lan tankou: Majistra vil la ak delege a.

N ap fè remake, jounen jedi 6 oktòb 2022 a, wout Dèdat la te bloke, sa ki te lakoz sikilasyon an pa t fasil ditou.

Israël CEDIEU, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841