Peyi manm konsèy sekirite Nasyonzini yo sanksyone lidè gang G9 la J. C. Barbecue

Divès peyi ki se manm konsèy sekirite Nasyonzini an vote yon rezolisyon ki genyen mezi pou sanksyone gang yo ak moun k ap sipòte yo an Ayiti, vandredi 21 oktòb 2022 a. Pami gang sa yo, Jimmy Cherisier alyas Barbecue se sila yo plis vize kòm pi gwo kriminèl ki anpeche gaz sikile anndan peyi a lè li bloke tèminal vare. Manm konsèy la di yo deja sanksyone chèf gang nan ki se lidè G9 an fanmi e alye, manyen youn manyen tout. Peyi manm yo te pwofite de menm vòt sila pou mete yon restriktirasyon sou vant zam ilegal nan peyi a.

Yon kokennchenn manifestasyon te fèt vil Pòtoprens Ayiti nan mwa me 2019, banyè ak pankat nan men, manifestan yo te voye mesaj piman bouk sila bay Leta Ayisyen lè yo te reklame : «Masak Leta a nan katye popilè La Saline 13 novanm 2018 la p ap rete san okenn pinisyon».

Se sou menm baz manifestasyon sa a Depatman Trezò Lèzetazini te pran desizyon pou sanksyone gang Jimmy Chérisier «Barbecue» ak de (2) ansyen manm administrasyon Prezidan Jovenel Moïse la : Fednel Monchéry ansyen direktè jeneral ministè enteryè ak Joseph Pierre Richard Duplan ansyen delege depatman Lwès. Yo te repwoche yo (3) kòm moun ki planifye ak patisipe nan Masak La Saline nan an 2018.

Reprezantan sekretè jeneral ONU an Ayiti, Helène Lalime fè konsèy sekirite a konnen nan lane 2020, se gras ak gwoup gang ame G9 la, genyen mwens moun ki mouri yon fason vyolan nan Pòtoprens. Sa ki ta vle di endirèkteman, se paske gwoup gang nan fè pati espas la ki lakòz mwens sitwayen pèdi vi yo. Èske òganizasyon Nasyonzini ta nan konivans ak gwoug gang G9 la ? Èske tou Barbecue se te fizib nan yon plan? Kote rès 9 yo? Kote fanmi yo? Kote alye yo?

San sa pa etone okenn moun, vandredi 20 oktòb 2022 a, konsèy sekirite an deklare, nan kad yon rezolisyon ki siyen, yo pran desizyon pou sanksyone pou yon lòt fwa, gwoup gang k ap taye banda an Ayiti yo, an patikilye chèf gang G9 la, Jimmy Chérisier Barbecue ak tout sitwayen ki ta finanse osnon ankadre gang yo.

Nan sitasyon Ayiti twouve l la a, lekòl pa ka louvri, pa gen gaz, kou lavi a moute disèt wotè, sitwayen pezib pa ka sikile akoz gang ki fin federe prèske nan tout peyi a, kous machin ak moto yo vin pi chè, bank fonksyone sèlman 3 jou nan semèn nan, konpatriyòt Ayisyen pa sispann tonbe anba bal bandi, pèp la pa ka jwenn sèvis piblik kou prive, ak divès lòt kalte pwoblèm k ap wonje bil popilasyon an, anpil sitwayen Ayisyen k ap viv Ayiti osnon nan dyaspora a pa janm sispann mande gouvènman anplas la, lidè politik Ayisyen yo ak kominote entènasyonal la, kisa yo deside fè ak AYITI ? Jiskilè Ayisyen ap jwenn yon chans anba sistèm politik makyavelik enstans konsène yo kontinye aplike nan peyi a ?

Sérondier LOUISIA

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...