Gwo chire pit ant fanmi Neymar e ansyen prezidan, kandida Lula nan peyi Brezil, nan kad eleksyon prezidansyèl 2022 yo

Neymar ak fanmi l demanti samdi 22 oktòb 2022 a kandida pou prezidan peyi Brezil, Luiz Inácio Lula da Silva, ki te deklare parizyen an soutni kandidati aktyèl prezidan e kandida pou prezidan peyi Brezil la, Jair Bolsonaro, se paske tou senpleman gouvènman Bolsanaro a lèse l ap benyen nan koripsyon, lè li pa janm peye okenn taks nan peyi a. Si li ta pran pouvwa a ankò, l ap mete fren nan sa. Ansyen prezidan Lula te fè deklarasyon sila mèkredi 19 oktòb 2022 a.

PIBLISITE PEYE

Lula, advèsè Jair Bolsonaro nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl yo nan Brezil ki prevwa pou 30 oktòb k ap vini la a, te deklare ouvètman Mèkredi 19 la : «Neymar genyen dwa pou chwazi prezidan li vle. Men, tout moun rekonèt li deside fè pwopagann pou Prezidan Bolsonaro, se paske l ap benyen nan koripsyon nan peyi a, gras ak gouvènman an plas la k ap dirije pa prezidan Jair«.

Yon akizasyon Neymay ak fanmi li te demanti e voye jete samdi a, atravè yon kominike yo fè nan laprès. Yo jete tout akizasyon li yo sou kesyon koripsyon an, e deplore Lula ki pa t dwe fè akizasyon sa yo nan yon moman enpòtan konsa pou Brezil, » li depase limit rezonab nan libète ekspresyon». Anvan premye tou eleksyon prezidansyèl la nan Brezil, Neymar te montre piblikman sipò li pou Jair Bolsonaro.

Pou definitivman fèmen sijè sa a, fanmi an di yo asire enfòmasyon kote prezidan Lula akize Neymar a, tout se manti, fanmi an pa pa gen okenn akò ak prezidan Bolsonaro pou redui sou taks yo dwe peye.

PIBLISITE PEYE

N ap note, depi anvan premye tou eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Brezil, Neymar te montre piblikman tout sipò li pou Jair prezidan Bolsonaro.

Nan tan lontan, foutbòl la te sèlman yon jwèt pou moun fè espò, bay plezi epi fè lajan. De jou an jou, politik la ap enpoze l sou bèl aktivite sila a ki anvi tounen yon zouti pou kèk moun fè politik e dèfwa ekspoze karaktè rasis yo.

Sérondier LOUISIA.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...