2 sitwayen akize polisye Belfort Marseille alyas James k ap prete sèvis li nan komisarya Mibalè kòm brakè, aprè li te vin arete l san inifòm nan paraj gawoutyè Mibalè a, jedi 20 oktòb 2022.

Selon yon sous polisyè, Belfort Marseille (James) ki bay sèvis li nan komisarya Mibalè a te entèpele 2 mesye ki prezante tèt yo kòm ajan maketin yon ajans de vwayaj nan Pòtoprens jedi 20 oktòb 2022 a, mennen nan komisarya a sou baz li te genyen alèt sou yo pandan li pat enfòme siperyè yerachik li de alèt sa. Li pat enfòme pyès lòt polisye de alèt la, li rive fè arestasyon sèl k Kyky. Nan odisyon mesye yo, jounal la pa deside revele non yo pou mezi sekirite, di yo te vin chache $ 3 000 US nan men yon dam Mibalè pou yon koze vwayaj. Dam sa a rete kèk mèt ak plas piblik Mibalè a, pou rezon sekirite, jounal la pa deside mete non l deyò. Youn nan sitwayen yo rapòte ak sèvis envestigasyon an: mesye ki arete l yo (polisye James Marseille ak Kyky) vòlè yon valiz ki te genyen lajan an ki te pase anbandoulyè devan l. Li rapòte li pa t konnen se te polisye, paske moun ki arete l yo pa t genyen inifòm polis sou yo.

Toujou selon menm sous polisyè Centre à la UNE nan, sèvis envestigasyon an te gentan kòmanse tande kyky, yon chofè moto ki te akonpaye polisye James nan arestasyon an, rive sove nan komisarya a. Aprè y ap chache Kyky, yo pa wè l. Yon ti tan aprè Kyky fin sove, genyen yon lòt chofè moto ki rele Nòrmil Jean Phito ki parèt ak yon valiz nan komisarya a, li di men sa yon moun ba li bay kòmandan James pou li. Polisye James ki te sou plas yo te akize de brakaj la, tou arete Normil mete li nan gadavi.

Normil Jean phito rapòte se yon moun ki peye l, li di l pou l pote valiz sa a bay kòmandan James pou li. Li pa rekonèt moun nan, puiske li konnen polisye James, li pran valiz la pote pou li, men li pa t konnen sa ki te ladan l.

Depi kòmansman wikenn nan, plizyè moun nan Mibalè pa sispann site non polisye a ki se yon pitit natifnatal vil la nan dosye brakaj sila. Jounal Centre à la UNE te oblije kontakte polisye James Marseille sou dosye sila, samdi 22 oktòb 2022 a, pou pote limyè. Rive kontakte polisye a, li fè konnen pa t janm genyen koze brakaj ditou, se te yon arestasyon li te fè. Li te genyen alèt sou mesye yo, e li te akonpaye de yon enfòmatè lapolis pou te arete mesye yo. Puiske mesye yo sispèk, yo te ale nan estasyon Mibalè a pou l te mande l akonpanye li, pou ale nan komisarya a, mesye a t ap fè rèd, ak sipò chofè moto yo, li te rive metrize mesye a kanmenm, men pandan mouvman fòs yo valiz la disparèt, se aprè yo fin tande mèt valiz la ki te gen lajan an vin parèt. Se pou rezon sa a lapolis kenbe chofè moto sa a nan Gadavi. Pou kyky, se yon chofè moto tou men se enfòmatè lapolis li ye ki abitye ak lakou komisarya a. Pandan envestigatè ki te sou dosye a fè yon ti vire, kyky tou sove. James fè konnen li se moun Mibalè, li pa kwè si l t ap fè yon bagay dwòl se la a Mibalè lakay li pou l ta fè l gran jounen. James kontinye pou l di li rete tèt frèt ap tann rezilta ankèt k ap mennen sou li nan kad dosye sila. Li p ap di plis ankò sou sa. Pou moman an li lakay li ak fanmi li.

Centre à la UNE te tante jwenn Direktè polis Mibalè a, Ronald Pierre nan telefòn nan kad dosye sila pou te bay detay, malerezman se te anven. Men selon enfòmasyon jounal la genyen de sous fyab, responsab yo nan komisarya a deja sezi badj ak zam sèvis polisye a pou swit itil yo e deja genyen yon rapò ki prèske fin prè k ap rive jwenn Direktè Depatmantal polis la, Previl Jean Castro sou sa.

Selon enfòmasyon jounal la dispoze, lajan an ta rive nan komisarya a manke $ 300 US.

Kesyon anpil moun ap poze, se kòman yon pèsonaj osi enpòtan nan dosye a ki se Kyky, fè rive sove nan komisarya a, ki te sou yon moto TVS ?

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841