Yon pwopozisyon Lèzetazini ankouraje deplwaman rapid yon fòs militè entènasyonal an Ayiti sou wout pou l fè echèk, apre konsiltasyon yo pa gen okenn peyi ki manifeste volonte pou kontribye ak twoup militè yo selon jounal Miami Herald.
Ofisyèl administrasyon Biden yo ap debat si yo ta dwe abandone rezolisyon ameriken an, ki te fè anpil pale anpil nan mitan manm Konsèy Sekirite Nasyonzini an, sof si ta gen yon patnè etranje ki ta deside e ofri twoup yo nan kèk jou kap vini yo.

Plizyè peyi nan konsèy sekirite a te mande yon plan konkrè alekri pou prepare anvan yon vòt sou rezolisyon an ta fèt. Epitou, Larisi ak Lachin te eksprime ouvètman enkyetid sou Konsèy Sekirite a konsènan deplwaman fòs etranje yo ann Ayiti. Majorite peyi atravè mond lan te voye jete byen lwen pwopozisyon an.

Lafrans te fèmen posiblite pou l bay twoup depi nan kòmansman diskisyon yo, Kanada bò kote pa l pat twò klè sou pozisyon l pou kontribiye fòs militè peyi l , malgre yo voye plizyè machin blende an Ayiti nan jou ki sot pase yo e li te mande peyi yo pou yo bay yon fon pou ede Polis Nasyonal Dayiti. .

Peyi Brezil konsantre sou pwòp eleksyon nan peyi a k ap vini nan fen mwa oktòb la, li eksprime tou dout ki genyen pou ta patisipe nan nouvel fòs pou entèveni an Ayiti selon toujou jounal Miami Herald .

Yo konsidere Kanada kòm patnè ki gen plis chans pou dirije yon deplwaman rapid, malgre ezitasyon li. Men, li rete klè ki manda yon fòs konsa ta genyen . Kesyon yo varye an tèm de gwosè, dire ak risk misyon an, ki ta ka gen ladan leve syèj la nan tèminal gaz Varreux, oswa sekirize yon koridò imanitè nan pwoteje distribisyon èd nan tout peyi a.

Ayiti nan mitan pi move kriz sekirite, ekonomik ak politik li nan plizyè dizèn ane mete sou gang depi plis pase sèt semèn ki bloke prensipal tèminal gaz ak pò maritim peyi a. Blokaj la ap mennen peyi a nan yon mank de gaz, manje ak dlo potab nan mitan yon epidemi kolera k ap grandi dènye jou sa yo nan peyi a.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, António Guterres, mande kominote entènasyonal la pou travay dirèkteman ak Ayiti pou òganize yon fòs rapid ki ka kraze trangle gang yo sou pò ak wout ki pi enpòtan nan peyi a.

Gouvènman ayisyen an fè yon demann menm jan an. Semèn pase a, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te vote inanimman pou sanksyone gang ayisyen yo ak moun ki ame ak finanse yo. Rezolisyon Etazini an ta bay nenpòt deplwaman reyaksyon rapid ak pouvwa anba chapit 7 nan chat Nasyonzini an, ki pèmèt twoup yo sèvi ak fòs pou ranfòsman lapè.

Sous : Miami Herald

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar