Altènatif Bolivaryèn pou Amerik (ALBA) ak Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK) rive reyalize ansanm yon gwo jounen mobilizasyon an solidarite ak Prezidan Lula nan peyi dAyiti, jodi vandredi 28 Oktòb 2022 a, nan lokal espesyal TK ki nan avni Charles Summner a, nan lè 1è nan lapremidi.

Jounen mobilizasyon sila ki fèt pou sipòte Prezidan Lula nan eleksyon prezidansyèl Brezil 30 oktòb k ap vini la rive reyalize 28 Oktòb la ak ALBA epi TK nan lide pou fè yon gwo solidarite ak figi gochis brezilyen an, Prezidan Lula ki, nan kous elektoral nan peyi Brezil, pou yon lòt fwa ankò.

Eleksyon sila se pou demen dimanch 30 Oktòb la. Nan sans sa, tout òganizasyon de baz yo ki konnen ki sa pasaj Lula nan tèt Leta brezilyen an te reprezante pou pèp k ap lite nan kontinan Ameriken an, jodi jou kole tèt yo ansanm pou poze gwo zak sila a pou mande tout moun ki kapab pou al vote Lula Dasilva an foul.

Pami estrikti pwogresis ki mete men ansanm pou reyalize jounen solidarite sila, genyen : PAPDA ; TK ; MOLEGHAF ; MPP ; MPNKP ; KAY LA ; KJM ; CERREMEN ; SOFA ; Cercle Gramsci ; Antèn Ouvriye ; Altènatif Popilè ; Radin Kan PPèp La ; UNNOH elatriye.

Selon pwofesè Camille Chalmers,  li klè, eksperyans prezidan Jair Bolsonao nan tèt Leta brezilyen an, se yon menas pou Pèp k ap lite yo, se yon figi ekstrèm dwat ki bese tout pwogrè sosyal ki te koumanse deja nan peyi Brezil sitou ak Prezidan Lula.

Pilwen, Dirijan PAPDA fè konnen, prezidan Bolsonao tradwi echèk Leta brezilyen an kote, tout egzèsis pouvwa li a chita sou destriksyon amazoni ak lanmounite lavi sosyal pèp brezilyen an ofri lòt pèp nan kontinan an.

Pwofesè Chalmers fini pou l di, prezans prezidan Lula nan tèt Leta brezilyen an, te reprezante yon lespwa nonsèlman pou pèp brezilyen an, men pou tout pèp k ap goumen kont enperyalis kapitalis sovaj la nan kontinan an. Kidonk, vote Prezidan Lula nan Eleksyon demen Dimanch 30 Oktòb 2022 a, se vote kontinite pou tout pwojè sosyal ki te tanmen deja, se vote yon bon tretman pou imigran yo nan peyi Brezil, piske tout pèp k ap lite dwe rete solidè.

Frantzley VALBRUN, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841