Lapolis Nasyonal peyi Ayiti tire jounalis Romero Vilsaint ki travay pou medya anliy, divès lòt jounalis blese, aprè yo te fin bastone epi arete jodi 30 oktòb 2022 a, jounalis repòtè Robest Dimanch ki travay pou Radyo Tele Zénith.

Ajan Polis Nasyonal nan peyi Ayiti tire yon jèn jounalis nan komisarya Delmas 33 a, dimanch 30 oktòb 2022 a. Jounalis la se Robenson Vilsaint (Romero) ki travay pou Gum Studio ki se yon medya anliy. Polisye yo tire travayè laprès la pandan li te vin pote konkou bay Robest Dimanch, repòtè Radyo Tele Zénith FM ki te arete maten an nan vil Dèlma, pandan l t ap kouvri yon mouvman manifestasyon pou mande lage yon gwoup militan « Baz 47 » Lapolis te arete 29 oktòb pase a, kote pyès fanmi poko konnen nan ki komisarya yo ye selon moun ki t ap asiste sèn nan.

Arestasyon Robest Dimanch te leve plim sou do plizyè militan ak jounalis nan Pòtoprens, lè jounalis ak militan yo te rive devan komisarya Dèlma 33 a pou egzije liberasyon jounalis la, sa te soulve kòlè plizyè ajan polisye ki rive tire anpil bal reyèl ak gaz lakrimojèn, kote plizyè moun pran bal ak yon jounalis mouri aprè li te resevwa yon bonbòn gaz lakrimojè polisye yo te ba li nan tèt li.

Denyè jou sa yo, sitiyasyon jounalis yo vin pi konplike, kote pou mwa oktòb 2022 a sèlman, divès jounalis mouri, lòt pran pran bal : yo tire Romero jodi dimanch 30 oktòb 2022 a, yo jwenn kò san vi jounalis Garry Tess nan Okay lendi 24 oktòb 2022 a, aprè l te kite kay li depi 18 oktòb pase a. Robenson Alphonse resevwa plizyè bal nan Dèlma 40 B madi 25 oktòb 2022 a. San nou pa bliye Néhémie Joseph ki te tonbe nan dat 10 oktòb 2019 nan vil Mibalè.

N ap raple, plizyè jounalis nan Mawon pou gang nan plizyè kwen nan peyi a, se ka jounalis Joseph Cenès ki se youn nan redaktè jounal Centre à la UNE. Li te oblije kouri kite kay li Mayisad depi 07 septanm 2022 a, aprè nèg ak zam te atake komisarya vil Mayisad la, e depi jou sa a, li nan mawon, paske gang yo pati pou touye li. Ka sa yo pa pa diferan pou jounalis Fritzson Ulysse, ki travay pou radio mega Nan pòtoprens.

Kesyon anpil moun ap poze tout tan se : èske yon jounalis ka mete espwa li sou lajistis peyi a, lè y ap konstate kantite dosye jounalis ki nan tiwa lajistis nan peyi a ? Si yo ta sonje dosye Rospide Pétion, Jean Dominique, pou nou site sa yo sèlman. Yo mande tou : èske polisye yo bliye si se mikwo jounalis ki toujou pote tout revandikasyon yo ale, lè Leta Ayisyen ap fin bwè san yo ?

Nan peyi Ayiti, jounalis yo pa gen pyès respè devan fòs lòd yo menmjan yo pa epanye devan bandi ak zam yo. Sa ki pi grav la, jèn jounalis sa a pran bal la nan lakou yon komisarya polis.

Nan sans sa, kisa òganizasyon dwa moun nasyonal ak entènasyonal yo pral di nan dosye sa a ki pase 30 oktòb 2022 a ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841