Aprè divès lòt akò ki siyen deja, Pati Pitit Dessalines prezante yon lòt altènativ

Nan yon konferans pou laprès li bay dimanch 23 oktòb 2022 a, Sekretè Jeneral Pati politik Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles, mete deyò lis non ak tout misyon ansanm aktè yo te anonse ki pral fè pati Konsèy Tranzisyon Pèp Souveren an (KTPS), pou ranplase gouvènman PM Ariel Henry a.

Manda yo genyen se:

• Nome yon Premye Minis jan lalwa mande sa
• Konplete rapidman manm Lakou Kasasyon an, nome 9 manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou òganizasyon eleksyon yo
• Mete estabilite nan peyi a epi sekirize li, amelyore konsantrasyon vi sosyo-ekonomik pèp Ayisyen an
• Regade mezi frè transfè $1,50 lan
• Regade mezi pou ede pèp la nan gaz la
• Ogmante valè goud la parapò ak dola a
• Pran mezi pou remèt pèp la kòb transfè yo an dola nan plas goud la.

Pwofil 9 manm yo varye, yo se :

Istoryen, Ekonomis, Sosyològ, Agwonòm, Espesyalis nan syans devlopman, Espesyalis nan finans piblik, Dwayen, Rektè, Pwofesè, Avoka.

Men lis 9 manm yo ak sektè oubyen depatman yo reprezante:

  1. Dr. Eugénia Romain, Prezidant : Reprezantan Lwès
  2. M. Edgard Leblanc, Vis Prezidan : Reprezantan Sektè politik
  3. M. Jacques Céus Joseph : Reprezantan Gran Nò
  4. M. Val Jean Elly : Reprezantan Gran Sid
  5. M. Jacques Woubins Bordenave : Reprezantan Latibonit/ Plato Santral
  6. M. Péguy Jean : Reprezantan Laprès
  7. M. Jerry Moncoeur: Reprezantan Dyaspora a
  8. M. Jean Renald Nau Léonard : Reprezantan Ouvriye/ Sendika peyizan
  9. M. Jérémie Dupont : Reprezantan Katye Popilè

Tout 9 komisè sa yo gen misyon pou redrese sitiyasyon sosyo-ekonomik peyi a epi mete kanpe tout dispozisyon pou gen eleksyon. Dire manda yo se (1) lane, l ap kòmanse jou yo enstale a. Yo p ap genyen yon salè, y ap gen frè fonksyònman epi y ap syeje nan palè nasyonal.

Sérondier Louisia, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841