Depi lane 1983, dat 28 oktòb la se jounen ki chwazi kòm jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl se yon jounen ki mete alonè lang kreyòl la ki dayè yo pale nan plizyè peyi tankou: Ayiti, Sirinam, Gwadloup elatriye kote genyen plis pase 12 milyon moun ki pale li nan mond lan.

Ane sila AKA kise akademi Kreyòl Ayisyen deside selebre jou sa sou tèm: «Lang Kreyòl ayisyen an nan lasyans, wi nou ap vanse !»

Anpil jefò pa sispan fèt nan AKA pou stritire lang kreyòl ayisyen an Mesaj sila a, ki pote siyati prezidan AKA a pwofesè Rogéda Dorcé Dorcil, mete aksan sou bèl efò ki dwe kontinye fèt pou devlope yon literati syantifik fètefouni nan lang kreyòl. Soti nan redaksyon memwa inivèsite pou tonbe nan pwodiksyon atik ak bon jan liv (syantifik) an kreyòl, prezidan an kwè chak Ayisyen, suivan domèn syantifik l ap evolye, genyen nòt pa l pou li jwe sou patisyon konbit natif natal ki dwe pèmèt lang lan layite, feraye, bay kalinda an gran jan nan lasyans. La a, nou envite w li tout mesaj AKA a kote ou pwal dekouvri sètènman plis sou lòt aspè ak lòt koze enstitisyon an manyen nan kad lansman selebrasyon 39èm Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl yo nan lemond (28 oktòb)    

Ayiti ki se pi gwo kominote kreyolofòn nan mond lan ap selebre 39 lane jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl, pale kreyòl, manje kreyòl menm jan chantè Chango Bastia ta ka di an fèl an kreyòl.

Joseph Samuel Guillaume, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841