Sa se yon vrè souflèt pou moun ki renmen mizik ayisyen yo. Atis Michael Benjamin tout moun konnen sou non Mikaben mouri ak yon arè kadyak samdi 15 oktòb 2022 a. Aprè yon pèfòmans sou sèn nan pandan konsè reunion CARIMI nan Accor Arena, Paris nan peyi Lafrans . Mikaben te tonbe pandan li te prèt pou kite sèn nan apre li te fin gate piblik la ak animasyon li yo.

Malgre dilijans doktè yo ki te prezan sou kare a, li pa t reviv. Se Carel Pedre ak Frantz Duval ki konfime nouvèl la. «Michael Benjamin te mouri kè bloke imedyatman apre pèfòmans li nan konsè CARIMI nan Accor Arena, Paris,».

Patisipan ki te prezan nan sal la te tou pwofite ap aplodi pou bay atis la fòs pou li leve. Aprè yon ti tan piblik la te plonje nan yon silans total. Aprè yon 40 tèn minit, Michael te retounen pou pran mikwo pou deklare: konsè a kanpe paske ka Mika konplike. Sa ki ta fè piblik la oblije kite sal la.

Anpil sektè toupatou voye mesaj sipò yo bay fanmi an ak moun ki renmen tanlan jèn mizisyen an, pami yo kèk anbasad.

Pou sa, redaksyon Centre à la UNE salye depa lejand sila nan mizik ayisyen an. Panse ak priyè tout ekip la ak fanmi Benjamen an.

Absans jèn atis la ki te youn nan meyè chantè nan jerasyon li a, kite yon gou amè lakay fàn ak animatè ki tolere atis la pou sa li vo nan etchenmay la, mikaben pa sèlman yon atis nasyonal men pito yon atis mondyal ki pè fòme nan divès peyi nan mond la. Se rezon sa tou ki fè anpil fanatik li nan mond lan dlo nan je.

Divès radyo nan peyi Ayiti tankou lotbò dlo pa gen lòt sijè pou yo trete pandan sware samdi 15 oktòb 2022 a, sèlman yo estime se yon gwo pèt pou drapo ble ak wouj la Atis la pat janm sispann leve byen wo nan divès kwen nan mond la.

Mikaben (Michael Benjamin) te fèt nan lane 1981 nan Pòtoprens, Ayiti. Li se Pitit youn nan chantè ki pi popilè nan peyi a ki se Lionel Benjamin, Mikaben te grandi nan yon anviwònman mizik. Trè jèn, li te aprann pyano, gita , bas a epi, pita, tanbou. Mikaben gen 15 ane sèlman lè li te ekri premye chante li. Malerezman li mouri ak laj 41 lane.

Cenès JOSEPH, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841