Aprè 6 lane absans fòmasyon mizikal Carimi an konsè spesyal retwouvay a Bercy nan peyi Lafrans samdi 15 oktòb 2022.

Aprè 6 lane absans Carimi nan Ensdistri mizik Ayisyèn nan, mesye yo ; Carlo Vieux Richard Cavé , Michael Guirand deside mete tout ego akote pou ofri yon gwo konsè nan peyi Lafrans (Bercy) samdi 15 oktòb 2022 a. Lè nou konnen aprè dezakò ki te genyen nan lane 2016 Carimi te oblije kanpe sa, sa ki ta pral bay nesans ak de nouvo fòmasyon mizikal tankou : Kaï ki gen nan tèt li Richard Cavé ak Vayb ki gen nan tèt li Michael Guirand.

Melomàn ki renmen bon jan mizik espesyalman compas te fè anpil demand pou Carimi rekanpe, men demand sila t ap vin modifye sou fòm yon konsè.

Pou rekonstitye Carimi se kole Kaï ak Vayb eksepsyon tanbouyinè ak kibòdis ki genyen chanjman selon sa Manadjè Carimi an Fito Farinen rapòte.

Malgre boulvès sosyal ekonomik ak politik ke peyi an ap konnen, men sektè kiltirèl la presizeman Compas dirèct pa sispann fè gwo tole ak eksplwa, kidonk Afich Paris Bercy pou yon djaz ayisyen se yon lòt gwo moman pou kilti an pou Compas ayisyen an ak tout sila yo k ap viv an Ayiti ak tout lot yo ki deyò peyi a.

Joseph Samuel GUILLAUME

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841