Laviwonndede Ajans Literè ak Atistik (LALA), lanse 1e ekspozisyon l nan jounen lansman 4èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la, premye sesanm 2022 a, nan lokal Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), Bwavèna Pòtoprens Ayiti, nan lè 10 zè nan maten.

LALA, se yon nouvo Ajans ki parèt tou limen nan sektè literè ak atizay la nan peyi a, pou ride kreyatè yo vann travay yo. Laviwonndede Ajans Literè ak Atistik, s on ajans k ap pwomote pwodiksyon literè ak atistik sou tout fòm nan peyi Ayiti.

Objektif Ajans sila se bouste travay literè yo, travay atistik yo epi ride tout otè ak editè viv de endistri liv la an Ayiti. Konsa, LALA s on ajans ki gen pou misyon prezève travay memwa yo, an menm tan rive rasanble yo atravè yon gran bibliyotèk konplèks kote chèchè ayisyen kou letranje kapab gen aksè avèk yo, vin konsilte yo san pwoblèm.

Ekip la jèn e yo trè solid. Nan direksyon an, genyen Frantzley VALBRUN alyas konpè konsèy, Kòdonatè jeneral ; Dakovens Paulin, responsab kominikasyon ; Jemima CASTELLY, Sekretè ; Orélus Blixen Joseph, responsab resouzimèn e Michelet Pierre Fils responsab marketing ak rezo sosyal.

Nan gwo jounen lansman sa a, te gen anpil gwo pèsonalite ki te make prezans yo nan gran evènman senbolik sila, ladan yo : Ekriven, powèt Marc Exavier, Prezidan akademi kreyòl ayisyen an (AKA) epi ansyen dwayen fakilte lenguistik aplike a (FLA), Rogéda Dorcé DORCIL, Pastè Pauris Jean Baptiste, Madam Lina Gourgue, Madam La montagne, Madam Gertrude Saint-Juste ( prezidan fondasyon Moris siksto ). Anpil ladan yo te pran lapawòl epi salye katriyèm kout lanbi Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la nan peyi a ak nan Karayib la.

Bò kote pa envite donè Festival la ki se Akademisyen ak pwofesè nan inivèsite Leta dAyiti (ILA) a Guy Gérald Ménard, te bay yon gwo diskou istorik sou kesyon evolisyon ak devlopman lang Kreyòl Ayisyen an, ki pa sispann etone moun nan plas li ap okipe de jou an jou nan koze ansèyman inivèsitè nan divès peyi nan monn nan.

Pou animasyon mizikal, Herby François, Grès Balèn se de gran atis ki te anime foul la ak bèl melodi melanje ak kout tanbou ki marye ak anpil bèl tèks nanm. Michel La comédienne, se yon bèl dizes ki te deklame yon tèks envite donè a.

N ap note, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se premye evènman literè Kreyòl nan tout Karayib la, se sant fyète sa Laviwonndede Ajans Literè ak Atistik (LALA) ranmase sou wout, ki ba li jarèt pou li sa parèt tèt li jodi a, doubout nan sousi pou pote yon lòt kout penti nan listwa ajans k ap pwomote pwodiksyon literè ak atizanay. Deviz yo se: «Yon eksperyans Ayisyen».

Frantzley VALBRUN, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841