Aprè atis Baky Popilè nan Okay, Troubleboy remèt yon chèk ki gen 1 Milyon goud nan vil natal li Okap

Atis Lord Wensky Jolissaint (Troubleboy Hitmaker), remèt yon chèk ki genyen yon milyon goud bay responsab « Lycée des Jeunes Filles du Cap-Haïtien » a lendi 16 janvye 2023 a. N ap note, Okap Ayisyen se vil natal rapè 33 lane a, ki fèt nan dat 19 desanm 1989.

N ap raple, zanmi atis Troubleboy ki se Baky, li menm tou te prezante nan dat 2 dawout 2022 a de (2) chèk ki genyen yon milyon goud bay lopital CARAMED ak kolèj Saint Jean, de (2) enstitisyon nan vil Okay, vil atis Baky Popilè.

Pou moutre nivo satisfaksyon l ak gran piblik li a, atis la ekri mo sa yo: “Pwomès se dèt. Jan nou te pwomèt li a, nou fè l. Konesans se kle, nou p ap chanje seri a, nou prefere diplike kle a pou ouvè plis pòt pou timoun lekòl. Jodi a nou remèt yon Chèk 1 Milyon Goud pou Lycée Des Jeunes filles du Cap-Haïtien. Nou kontan pataje a moun ki chè pou nou. Mèsi”.

Fèt nan dat 19 desanm 1989 nan vil Okay, Troubleboy pratikman lanse karyè mizikal li nan lane 2011 ak mizik sa a « Crank that Moto ». Pita, li ta pral prezante premye albòm solo li ki se « Shut up epi tande ». Nan lane 2020 li te fè yon gwo tounen nan peyi Lèzetazini. Aprè sa, li te vin pibliye dènye albòm li an ki se « Avanti a ap kontinye ».

Aklame pa fanatik li yo ak gran piblik Ayisyen an, anpil moun kwè se yon trè bon jès ki merite anpil ankourajman ak respè. Fàn sa yo ki twouve yo divès kote sou latè, fè konnen nan kòmantè, olye Atis yo nan Endistri Mizik Ayisyèn nan (HMI) ap pede fè bif ant yo, nan montre se yo ki gen plis lajan, relasyon, mete rad byen chè…, yo t ap fè mye fè kèk don tankou Baky ak Troubleboy.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841