Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) mete deyò yon nouvo kalandriye pou ane lekòl Ayiti 2022-2023 a, jan yo te anonse sa kèk jou pase. Se vandredi 16 desanm 2022 a MENFP pibliye kalidriye tou nèf la sou paj ofisyèl li.

Ministè Levasyon Nasyonal te lanse re-ouvèti klas la pou pou 3 oktòb pase a, yon rantre ki te konplètman enposib parapò ak kriz sosyal, politik ak ekonomik k ap bwase bil sosyete Ayisyèn nan depi kèk tan. Malgre minis Edikasyon an Nesmy Manigat te fè kwè lekòl ta pral louvri tipa tipa.

Yon lòt kote, MENFP te vin relanse ouvèti a pou 7 novanm pase a ki, timidman, t ap kòmanse mache nan plizyè vil pwovens nan kèk depatman, sa ki te pouse ministè a kòmanse fè estatistik sou efektif elèv ak pousantaj lekòl ki fonksyone nan peyi a.

Malgre tout sa, ta sanble pou MENFP se pyès teyat k ap jwe, lè yo menm ankò pibliye yon lòt kalandriye ki fè kwè re-ouvèti klas la ap kòmanse soti 4 janvye pou rive 4 dawout 2023.

Yon ane lekòl ki tchake an moso: Yon kote, gen lekòl ki louvri depi mwa oktòb pase a, gen lòt ki louvri depi novanm, genyen lòt ki louvri pòt yo se jis nan mwa desanm nan. Menm jan gen lekòl ki pa ko janm louvri pòt, swa y ap tann mwa janvye a, swa kondisyon yo pa ko reyini.

Pou plizyè moun ki nan sektè edikasyon an, fason responsab yo pibliye kalandriye sa a, se tankou sa ta vle di lekòl pa t ko janm louvri nan peyi a pou leta Ayisyen.

Nan kalandriye tou nèf la, MENFP konte 142 jou klas ak 9 jou konje, swa 710 zè pou fondamantal ak 852 zè pou segondè. Egzamen premye kontwòl yo ap dewoule soti 6 pou rive 10 fevriye, dezyèm kontwòl soti 24 pou rive 28 avril epi twazyèm kontwòl, semèn 17 jiyè.

Pi lwen, egzamen 9èm ane yo ap fèt soti 17 pou rive 19 jiyè alòske pou NS4 se soti 31 jiyè pou bout 4 dawout epi egzamen Fransè pou elèv NS 3 yo ap rayalize 4 dawout 2023.

Èske nou ka pale de ane akademik 2022-2023 pandan kalandriye eskolè MENFP lan mansyone janvye out 2023 ?

Fragile Florince, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841