Komin Sodo Gang Kamicho ak alye anvayi 3èm seksyon Koup Madigra

Prezime chèf gang Wawa ki t ap opere Loney zòn Zoranje komin Kwadèboukè, ki te vin ranfòse gwoup gang Loudy Kamicho, jwenn lanmò li aprè yo te anvayi zòn Laboul, 3èm seksyon kominal Koup Madigra komin Sodo, 27 desanm 2022 a. Gang yo volè plizyè moto, lajan, telefòn, yo bat moun, tire, kase kay, kraze mache nan zòn Laboul ki nan komin Sodo.

Selon yon viktim ki te prezan nan espas la pandan operasyon an, mesye yo soti Kamicho, yo antre Laboul vè 1 nè nan aprè midi. Sou tout wout la, yo antre kay divès abitan, yo pran lajan, yo te rive pran 3 moto, men popilasyon an rekipere youn. Yo ale nan yon ti mache nan zòn nan, yo pran lajan machann yo, yo gaye mache a. Pi devan, yo kase tèt moun, vòlò plis pase 20 telefòn pou yon jèn ki t ap vann.

Selon kèk sous, mesye bandi yo te vize asasine yon Kazèk nan zòn nan, se paske pou kèk moun, se Kasèk la ki kraze mache Kamicho a pou mete li Laboul, alòske nan mache Kamicho a se la yo te konn fè bras resèt sou machann yo chak fwa gen mache.

Men pou de lòt sous ki pi pwòch Kazèk la, se paske nèg Kamicho yo panse gwoup gang ki Lekete a, toujou 3e seksyon komin Sodo, se kay Kazèk la yo te kache. Se pou sa non sèlman yo pase kay moun ki responsab moulen Kasèk la yo pran lajan ak lòt bagay, men tou yo ale lakay li dirèkteman, yo prente zam sou li, yo fouye kay li epi kèk ladan yo pwomèt li y ap vin boule kay li nan yon lòt okazyon.

Selon kèk abitan zòn nan genyen 2 rezon ki esplike rezon nèg Kamicho yo anvayi Laboul madi 27 desanm nan.

  1. Ti mache ki Laboul la fonksyone jou madi. Se premye rezon ki fè yo itilize jou sa a pou anvayi zòn nan.
  2. Gang Kamicho a te pwofite moute Laboul, nan sousi pou bay gang Lekete a yon repons.

Yon temwen fè konnen lòt gang k ap evolye Lekete a ki twouve l pi wo Laboul la, se li ki te vin riposte lè yo pran nouvèl la.
E se konsa, popilasyon Laboul la akonpaye gwoup sila a, yo kouri plizyè kilomèt, jiskaske yo jwenn yon pati nan gwoup Kamicho ak alye yo epi mete men sou prezime chèf gang yo rele Wawa ki t ap opere nan zòn Loney la, epi misye rive bwè dlo bouch li.

N ap note, selon enfòmasyon jounal la dispoze, moun Laboul yo masakre Wawa, avan yo touye l, anplis de sa yo koupe tèt li. E pou kèk lòt sous, moun yo ta rekipere yon zam de kalib 12 nan men defen an. E yo di yo prè ap tann nèg Kamicho yo, lè lide yo di yo, y a va tounen vin tire revanj pou Wawa.

Chak jou plis, gang yo an Ayiti ap vale teren, y ap pran teritwa, Leta a nan pi wo nivo rete bèkèkè. Lapolis, eli lokal yo, lameri, tribinal, tout kanpe ap obsève, se tankou yo se de senp sitwayen, tankou w ta di ki pa gen kont pou rann ak pèsonn. Sa fè plis pase 5 mwa, sitwayen yo nan komin Sodo ki pa tande bri responsab yo nan Meri a, ap mande èske otorite sa yo ap kontinye rete bwa kwaze, e lèse gang anvayi tout komin Sodo?

Daniel Jean, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841