Nan lide pou ranfòse pwodiksyon agrikòl la nan depatman Latibonit pi presizeman nan 3èm seksyon kominal Bayonè komin Gonayiv, Direktè Depatmantal Biwo ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral la nan latibonit (DDA-A/MARNDR)Ing- Agr Renaud Géné Distribye semans kawòt ak bètrav bay plizyè santèn peyizan/plantè kite soti nan divès lokalite seksyon Bayonè maten Mèkredi 28 Desanm 2022 a.

Ing Agr Renaud Géné nan entèvansyon li deklare, aktivite sa rantre nan kad bourad gouvènman an ap bay atravè Ministè lagrikilti yon fason pou yo kapab rive amelyore plantè yo ka mennen aktivite yo.

Agwonòm Renaud Géne ale pilwen pou fè konnen plantè yo se motè peyi a paske se yo ki pwodwi bon manje lokal pou moun manje. Li mande ak peyizan yo pou rete soude nan travay latè a, ki selon limenm genyen anpil richès .

Divès plantè ki benefisye semans kawòt ak bètrav pat mete dlo nan bouch yo pou felisite ak remèsye nimewo en (1) Biwo ministè Agrikilti a nan Latibonit Ing Agr Renaud Géné yo di ki panse ak yo nan moman an pou vin ranfòse yo nan sektè Agrikòl la nan ba yo bon semans pou yo kapab pwodwi pou fè lajan pou pran swen madanm ak pitit yo. Peyizan /plantè sa yo mande Gouvènman ak Ing Agr Renaud Géné pou toujou panse ak yo nan 3èm seksyon kominal Bayonè nan kad sezon yo.

Nap fè konnen 3èm seksyon kominal Bayonè komin Gonayiv genyen anpil potansyalite nan pwodwiksyon kilti marechè ak diri, kote anpil machann ki soti nan plizyè depatman andedan peyi a rantre ak gwo kamyon nan seksyon an pou vin achte plizyè danre Agrikòl espesyalman rekòt legim.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841