TasteAltlas klase Ayiti nan lis peyi ki gen pi bon kizin sou tout latè

TasteAtlas, yon gid nan peyi Bilgari ki gen pou kapital li Sofya, ki espesyalize nan kizin tradisyonèl, pibliye jedi 22 desanm nan kizin Ayiti a kòm 57èm sou 95 pi bon kizin nan tout mond lan pou lane 2022 a. Itali twouve an 1e pozisyon.

Pou Ayiti rive jwenn plas sila pami 95 pi bon restoran nan mond lan, men lis manje ki bay Ayiti aksè a: Legim, Griyo, Pate Ayisyen, Bouyon, Soup joumou, Pikliz elt. Pou restorasyon yo: Lakou Lakay nan vil Milo, Les Jardins du Mupanah nan Pòtoprens, La Coquille nan Pòtoprens.

Avèk 57èm plas sila Ayiti pran nan kad klasman an, li plase avan anpil peyi ki plis avanse pase li sou plan politik, ekonomik, sosyal, kiltirèl elatriye, n ap pale prensipalman de : Larisi, Kiba, Jamayik, Venezyela, Izrayèl, Swis, Ostrali, Kanada pou n site sa yo.

Repiblik Dominikèn ki reprezante anpil pou Ayiti nan kad echanj komèsyal yo, kote Ayiti enpòte 97.6% machandiz lakay yo daprè done ofisyèl Ministè komès Dominiken te mete deyò 14 septanm 2022 a, malgre tout sa, Repiblik Dominikèn pa fè pati lis 95 peyi ki gen pi bon kizin yo. Kisa ki ka esplike sa ?

Malgre tout kalamite politik, ekonomik, kiltirèl, rasis, sosyal Ayiti ap fè fas depi plizyè tan, sitou pou lane 2022 sa a, kote nan vil Okay depatman Sid peyi Ayiti, yon galon gazolin te vann 6 000 goud, selon Valince GEORGES 7 oktòb 2022 nan emisyon Premye Okazyon sou radyo Karayib FM, ebyen Ayiti pami 95 peyi ki gen kizin yo pi bon nan mond lan. Èske se ta yon kado ?

Achak fwa Ayiti rive atenn yon nivo mondyal tankou sa ki apenn sot fèt nan klasman TasteAtlas la, pou anpil moun k ap panse, kòmante, yo pa sispann kwè e menm konvenki se kèk siy pozitif ki montre aklè sitiyasyon difikisil yo gen pou chanje nan peyi a, Ayisyen gen pou souri yon jou. Moun sa yo rete kwè Ayiti gen pou devni sa istoryen yo rele «La perle des Antilles» pou epòk kolonyal la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la Une.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...