DNCD sezi anpil dwòg, lajan, machin, zam epi mare anpil moun, majorite se Deminiken

Otorite nan Repiblik Dominikèn espesyalman Direksyon Nasyonal Lit Kont Dròg (DNCD) prezante bilan travay yo reyalize pou ane 2022 a nan koze trafik dròg nan Dominikani. DNCD fè konnen nan tèt kole ak sèvis ransèyman peyi a, fòs lame a, lapolis yo rive sezi 31 113 kilogram dròg plizyè kalite sa ki bay anviwon 31 tòn dwòg. Pami dwòg sa yo genyen 27 732 kilogram kokayin ; 3 346 marigwana, 11,09 ecstasy ; 8,8 haschisch, 22,75 crack ; 1,21 d’opium.

Gras ak enfòmasyon sèvis ransèyman Repiblik Dominikèn fè genyen 3 458 kilogram dwòg anplis ki sezi onivo entènasyonal nan kad koperasyon Sendomeng ak peyi zanmi li yo.

Selon nòt DNCD nan, divès operasyon ki te mennen nan pò, ayewopò, fwontyè, kot ak plizyè lòt pwen kontwòl nan peyi a, fè yo rive poze lapat sou 21 182 moun yo arete pou dwòg sèlman pou lane 2022 a, majorite se Dominiken.

DNCD kontinye pou di yo sezi 2 620 machin, 281 zam diferan kalib tankou fizi chas, plizyè milye minisyon, 2 «aéronefs» plizyè materyèl radyo navigasyon, bato, radyo kominikasyon… ak   1 044 894 dola Ameriken, plis 36 789 001 peso Dominiken.

Otorite yo rapòte yo sezi tou plizyè byen imobilye ak mobilye san presize chif yo. Yo fè konnen gouvènman an detèmine pou mete anba kòd tout moun ki nan kesyon trafik dwòg nan peyi a.

N ap siyale, chif ane 2022 yo depase chif lane 2021 an nan kesyon kantite dwòg ki sezi. Pou 2021 an otorite yo te sezi sèlman 25 tòn, poutan 2022 a yo sezi 31 tòn.

Trafik dwòg se bagay ilegal, sa vle li kondane pa lalwa, paske li se youn nan sous koripsyon yo k ap fin deperi sosyete yo. Menm jan otorite yo toujou fè l nan Repiblik Dominikèn, jis kilè Ayiti ap antre nan yon dinamik parèy, pou kòmanse mare epi sezi byen machann dwòg ki san pitye pou kwasans ak devlopman sosyete Ayisyèn nan ?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....