«Bandi touye 54 Polisye pandan ane 2022 a. Gen komisarya ki gen sèlman 4 polisye alòske, gen moun ki pa reprezante anyen pou peyi a ki gen 6 ou 7 polisye k ap sèvi yo. Mwen denonse enstitisyon lapolis la ki pa gen okenn plan pou fè fas ak sitiyasyon sila». Deklarasyon kòdonatè jeneral Synapoha a, Lionel Lazarre 24 desanm 2022 a nan kad yon entèvyou sou Radio Magik 9.

Mesye Lionel kontinye pou di li pa yon sekrè pou pyès moun, se chak jou plis nèg/fanm ak vès an Ayiti ap pratike yon politik tèt anba, devan dèyè, ki pratiman touche negativman tout sektè andedan peyi a. Se gang k ap dirije lari a, se gang k ap fè lalwa, pitit pèp la ap tonbe chak jou ki jou anba bal asasen yo, kidnaping tout kote, moun pa ka sikile.

Responsab Synapoha Ajoute pou di pa gen gaz, tout pwodwi yo moute tèt nèg, yon dola ap pete plafon, enflasyon an moute 17 wotè, peyi a gen plis pase yon lane san prezidan, Premye Minis peyi a, Doktè Ariel fè konnen l ap remèt pouvwa a 7 fevriye 2024 aprè tout eleksyon yo, malgre jan sitiasyon an kawotik la. Ki donk, Ayisyen an onètman pa gen rele, ni reponn.

Pou anpil moun, sitiyasyon PNH la pi malouk, sa lakòz lame Ayiti a ki pa fonksyonèl, paske se sèl fòs paralèl ak polis la, ki kapab kanpe anfas kèk bandi ak kòl, tou kòm bandi ak sapat yo. Pou gwoup moun sa a, nan tout sitiyasyon tèt chaje Ayiti twouve li sou plan sekirite a, li lye dirèkteman ak lame a ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide te demobilize, nan sousi pou regle kòz politik li.

Pou yon lòt gwoup, Ayiti tonbe nan twou fènwa ensekirite sila, se pa lòt bagay aprè move jesyon gouvènman yo toujou fè de lapolis la, ki se sèl fòs ki la pou asire sekirite vi ak byen moun. Pou 2èm gwoup sa a, politisyen yo nan pi wo nivo nan Leta a sèvi ak wo kòmandman yo nan polis Ayiti pou mete chita politik fè nwa yo, jis pou yo egzekite tout sa yo vle nan peyi papa Desalin nan.

Pou yon lòt gwoup, se polisye yo ankò ki an majorite itilize feblès sistèm nan, kote yo pran pretèks leta Ayisyen pa ka peye yo, se pou sa yo deside fòme oubyen entegre yon gwoup gang ankachèt, pou yo ka mennen yon vi meyè oubyen tou pou pwoteje vi yo anba gang yo. Gwoup sila a pran egzanp ansyen polisye Jimmy Chérisier alayas Barbecue, pou ilistre pozisyon pa yo a.

Nan tout gwoup sa yo, èske genyen ki genyen rezon oubyen tò ?

Sa ki sèten, nenpòt kouch oubyen klas k ap viv andedan popilasyon Ayisyèn nan, youn pa epaye de machin ensekirite sa a ki vrèman pèdi fren. Moun nwa kou wouj, anwo kou anba pa sispann tonbe anba bal vagabon pye sal nan peyi sa a chak jou. Jodi a, pèp la rive konvenki Ayisyen an ka konte inikman sou jou li wè a, dayè, dire vi li pa ka menm detèmine.

Nan sans sa a, divès sitwayen k ap kòmante sou kesyon monte galopant ensekirite a, pa sispann kwè se sèlman yon gouvènman lejitim, ki konsyan, ki kwè nan dwa moun, ki pa nan tete lang ak okenn gang, ki kapab pote yon solisyon dirab ak pwoblèm yo nan peyi a, sitou pwoblèm ensekirite a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841