Jent militè Boukinabè a chase kòdonatris ONU an sou tèritwa yo a

Aprè yo fin chase Radyo Frans Entènasyonal (RFI) pou difamasyon, kounye a se tou pa ONU. Jent militè k ap dirije Boukinafaso a pouse do kòdonatris Nasyonzini an Barbara Manzi, ki pa byen konpòte l nan peyi a selon sa gouvèman an fè konnen. Jent lan bat chalbare dèyè madam Manzi mèkredi 23 desanm 2022 a nan Boukinafaso.

Selon yon kominike ministè afè etranjè peyi Boukinafaso mete deyò ayè vandredi a, jent militè a mande kòdonatris Barbara Manzi pou li kite peyi a imedyatman li jwenn alèt sila, ki deklare li «Persona non Grata» sou tèritwa yo a.

Minis afè etranjè a, Olivier Rouamba fè konnen yo pran mezi sila se paske madam Barbara te deside pran yon ansanm desizyon pou kont li nan kapital peyi a Wagadougou, sa ki diskredite, sal imaj peyi a epi ki dekouraje anpil gwo envestisè. Minis Olivier di yo pa deside aksepte sa, yo pran responsablite yo.

Minis Olivier raple madam Barbara te fè konnen pral gen anpil tèt chaje nan Boukinafaso nan mwa k ap vini yo, yon pakèt pwopo yo pa konnen sou ki baz reprezantan ONU an te deklare yo, paske sa fè kèk tan y ap fè gwo jefò pou sekirite abitan yo, e ONU te dwe soutni yo olye l ap predi malediksyon sou tèt yo.

Depi lane 2015, peyi a ap fè fas avèk atak yon gwoup Djyadis ki lye ak Al-Quaïda epi eta islamik, yo touye plizyè milye moun nan peyi a epi pouse 2 milyon lòt kite lakay yo. ONU pa t janm soutni yo.

Yo souliye yo pa gen okenn pwoblèm ak madam Barbara Manzi, men tout èn yo chita kont ONU, ki se yon òganizasyon ipokrit, ki pa gen anyen serye l ap regle lakay yo. Yo repwoche reprezantan ONU an ki t ap tante enfliyanse peyi a negativman e ki te vle antre nan zafè politik entèn yo, yon bagay ki pa regade ONU.

Jent militè a ekspilse madam Manzi pi rapid, swa 2 jou aprè sèvis sekrè peyi a te soupsone 2 fransèz ki t ap travay pou yon sosyete boukinabè, men se te 2 espyon yo te ye.

N ap raple, se pa premye peyi Afriken k ap eskpilse ONU lakay li, paske Mali ki se peyi vwazen Boukinafaso te kouri dèyè Olivier Salgo, ki se te pòt pawòl MINUSMA ki se Misyon Nasyonzini nan Mali. Deplis, se pa premye desizyon boukinabè yo pral, lè n sonje nan dat 3 desanm 2022 a, yo te entèdi Radyo Frans Entènasyonal RFI kontinye fonksyone sou tèritwa yo a pou difamasyon.

Jent lan anonse yo kòmanse genyen de lòt zanmi entènasyonal yo jije ki mye plase pou devni patnè yo, se ka peyi Larisi ki trè rapwoche de yo, depi aprè koudeta janvye 2022 a ki te ranvèse prezidan Roch Marc Christian Kaboré, e ki mete kapitèn Ibrahim Traoré sou pouvwa a.

Anpil moun k ap swiv fason peyi Mali ak Boukinafaso ap eskpilse tout òganizasyon entènasyonal yo santi ki pa nan enterè yo, toujou ap mande jis kilè Ayiti ap jwenn kèk dirijan ki kapab ede popilasyon an rale yon souf anba grif òganizasyon yo rele «Kore Gwoup» la, ki se sèl kòk chante nan sa ki gen pou wè ak desizyon k ap pran pou avni Ayiti.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...