Inivèsite Piblik Sant gradye divès Etidyan nan Syans Administratif, Edikasyon, Syans Agwonomik ak Alimantasyon

21 desanm 2022 a Inivèsite Piblik Sant (UPC) gradye 170 Etidyan nan 3 domèn diferan, nan chèf lye depatman Sant lan (Ench) : 114 nan Syans Edikasyon, 31 nan Syans Agwonomik ak Alimantasyon epi 25 nan Syans Administratif.

Si demach ki lye ak Inivèsite nan tout peyi nan mond lan lye ak 3 prensipal misyon : Rechèch, Ansèyman epi Sèvi kominote a, objektif Inivèsite Piblik Sant lan (UPC) pa diferan nan kad vizyon yo genyen pou fòme an kantite e an kalite nan depatman sant peyi Ayiti, jenn fanm ak gason ki kwè nan lasyans, men sitou ki deside marye ak lakonesans.

Nan yon dimansyon parèy, nan vil Chalmay Peral la, UPC kontinye gradye anpil lidè nan divès opsyon, ki prè non sèlman pou pote kontribye pa yo nan devlopman Ayiti atravè Etid yo, men tou ki deja byen disponib pou mache travay la ak anpil defi peyi a ap konnen chak jou, paske manjorite moun k ap deside yo, se de moun ki mare sosis yo ak nosyon ki rele enkonpetans lan.

Divès pèsonalite te pran lapawòl pandan seyans gradyasyon sila: Aktyèl Rektè Inivèsite Piblik Sant lan, Doktè Nahoum Lafleur, Ansyen Rektè Inivèsite a Doktè Kyss Jean Mary, Kòdonatè sik kout la M. Cerliot Laguerre, kòdonatè kalite a M. Pagniac Théodore ak divès lòt Etidyan ki te reprezante chak pwomosyon yo.

PIBLISITE PEYE

Selon Rektè Nahoum, UPC ateri deja nan depatman sant peyi a ni sou plan kalitatif, kantitatif, se pou sa kominote a ta dwe kontinye akonpaye yo nan tout demach y ap antreprann, ki vize amelyore chak jou plis kalite Inivèsite a. Li raple tou UPC se youn pami tout inivèsite Ayiti yo ki pibliye 4 atik syantifik, ki jwenn kritik anpil gwo lektè. E ansanm atik sa yo disponib sou sit Google, tout moun ka pase vizite yo.

Selon aktyèl reponsab yo, 170 Etidyan sa yo ki gradye mèkredi pase a, vin alonje lis reyisit Inivèsite a ki te deja trè long. UPC bay anpil kad sou mache travay la nan plato santral, plis pase 180 Etidyan deja soutni memwa yo, divès lòt anplwaye nan plizyè enstitisyon. Youn nan pi gwo satisfaksyon yo, se paske Etidyan yo toujou leve tèt Inivèsite a nan kad konkou yo patisipe.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841