Yon fanmi akize komisè gouvènman Miragwàn nan kòm moun ki tire pitit yo

Komisè Gouvènman jiridiksyon Miragwàn nan Jean Ernest Muscadin, ak tout ekip li akize kòm moun ki ta touye, Robinson Léonard jedi 22 desanm 2022 a. Robinson ki se yon jèn ki fèk sot resevwa lisans ki nan Syans Jiridik.

Yon jenn gason ki rele Robinson Léonard gzekite maten jedi 22 desanm 2022 a nan Miragwàn. Fanmi defen ki enkonsolab, lonje dwètn yo byen dwat sou Komisè Gouvènman Jiridiksyon an, Me Jean Ernest Muscadin ak ekip li.

Daprè deklarasyon Komisè Jean Ernest Muscadin, ki li menm se yon akize nan lanmò a, jèn gason an te mouri ak bal vè 2è nan maten.

Nan yon videyo ki pibliye maten an, komisyonè Muscadin fè konnen li fèk touye yon sitwayen Miragwàn anvan li kouri, men li pa t revele idantite moun ki mouri a.

Toujou daprè komisyonè Muscadin, jenn gason yo te touye a se nan echanj kout zam ak lapolis ki nan ekip li a misye rive tonbe anba bal.

Kòm repons, yon manm nan fanmi Robinson Léonard te pale ak Radio Télé Métronome, li akize komisyonè Jean Ernest Muscadin ki ta moun ki egzekite jenn gason an, aprè yon altèkasyon ak yon lòt moun.

Pandan entèvyou a, sous fanmilyal la te prezante Robinson Léonard kòm yon jèn gason ki te jwenn yon lisans nan syans jiridik.

Joseph Cenes

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841