Staniclas wikern 20e,Octinal Gérald 30e,Luc Eliezer 20e, Cejuste Duckens 24e ak Pascal Guillaume 31e se non 5 polisye sa yo soti viktim, kote 3 mouri, 1disparèt ak yon lòt ap pran swen aprè bandi te fin vide bal sou yo nan Petion-Ville Ayiti vandredi 20 Janvye 2023. Nan menm atak sa plizyè sous rapòte divès moun nan popilasyon sivil la mouri ak blese.

Girardo, Meyotte, Doco, Metiver…se ansanm de zòn sa yo bandi t ap taye banda. Plizyè temwen akize baz Vitelhomme nan atak sa ki fè plizyè mò ak divès blese. Moun yo kontinye pou di se pa sèlman mò bandi yo fè men tou yo piye plizyè biznis.

Nan yon nòt vokal ki ap fè laviwon n rezo sosyal yo, moun tande polisye yo ki ap mande ranfò men malerezman yo pat jwenn. Yon sitiyasyon ki soulve kòlè rès polisye ki nan komisarya Petion-Ville la kont komisè presipal la ki pat voye ranfò pou sove lavi polisye viktim yo.

Pandan bandi yo ap feraye toupatou nan peyi a gouvèman an li menm ap fè tan pase san pyès rezisilta nan kesyon sekirite.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841