Direksyon Depatmantal Ministè Lagrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral nan Latibonit (MARNDR/DDA-A), nan tèt kole ak responsab seksyon Inite Pwoteksyon Sante (UPS) nan biwo santral, rive inogire yon nouvo Batiman flanbannèf pou ranfòse aspè sante animal, vejetal ak karantèn nan biwo DDA-A, jounen vandredi 20 janvye 2023 a.

Direktè depatmantal ministè agrikilti a nan Latibonit, enjenyè Agwonòm Renaud Géné, nan entèvansyon li, ankouraje plantè yo ak elvè yo pou vizite Sant lan pou yo kapab jwenn sèvis bò kote teknisyen yo ki deja disponib pou sa. Li fè konnen nan semèn sa k ap vini la a, biwo a ap fonksyonèl, kote tout elvè kapab pase pou pran sèvis. Li mande ak popilasyon an, espesyalman ak estaf k ap desèvi nan sant Depatmantal pwoteksyon sante sa, pou pwoteje bèl Lokal sa ki finanse pa Bank Entè-Ameriken Devlòpman (BID) ak Yon montan ki evalye a 750 mil dola Ameriken.

Sou bò pa l, Doktè Haïm JOSEPH Corvil ki se responsab inite Pwoteksyon sante nan ministè Agrikilti nan Pòtopwens, deklare nouvo batiman sa pral fasilite elvè yo ak plantè yo jwenn yon kote pou pran swen malad yo ak bon jan kontwòl ki dwe fèt. Pi lwen, kòdonatris UPS la ki se Doktè Haïm JOSEPH Corvil, fè konnen avèk biwo sa a, plantè yo pral rale yon souf nan moman difisil yo.

Robert Saint Paul, prezidan federasyon Òganizasyon plantè irigan bas plèn Gonayiv (FEPPIGO) ki te prezan pandan seremoni sa a, felisite responsab yo ki rive inogire gwo sant sa nan depatman an. Li fè konnen pafwa biwo yo konn inogire, men yo pa rive pote okenn sèvis bay sektè ki dwe benefisye l la, akoz leta pa bay mwayen pou fonksyonnman sèvis yo.

Nimewo (1) FEPPIGO a Robert Saint Paul, te pwofite okazyon an pou pale de absans teknisyen veterinè yo nan milye Riral yo, alòske maladi ap sakaje bèt yo. Nan sans sa a, M. Robert di li swete responsab yo onivo biwo santral pran tout dispozisyon pou plantè ak elvè yo ka jwenn bon jan akonpanyeman nan kad sèvis nouvo biwo sa a konte bay peyizan nan 5 seksyon kominal yo, espesyalman nan nivo bas plèn Gonayiv, Premye seksyon kominal Pontamaren, komin Gonayiv.

N ap fè konnen, konstriksyon pwojè sa te kòmanse nan lane 2020 epi fini nan lane 2022 e se anprezans divès otorite lokal (kazèk, Azèk, Majistra, vis Delege) reprezantan kek òganizasyon lokal ak Nasyonal (AOG,GRET) epi reprezantan divès Asosyasyon plantè ki te soti nan plizyè seksyon kominal komin Gonayiv pou gwo inogirasyon nouvo batiman flanban nèf sa ki trouve l sou wout ODPG a, ki pral bay kanè bank peyizan/plantè yo ak plant yo swen ki nesesè nan depatman Latibonit la.

Israël CEDIEU, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841