Plizyè òganizasyon sosyal mete ansanm ak divès Ayisyen k ap viv nan diferan vil nan peyi Ajantin, deja mobilize pou rele chalbare dèyè Ariel Henry, premye minis defakto Ayiti a ki pral patisipe nan reyinyon CELAC k ap fèt madi 24 janvye 2023 a nan Buenos Aires kapital peyi a .

Nan yon lèt divès Ayisyen Ayisyèn k ap viv sou teritwa Ajanten an mete deyò, jan yo di nan nòt la, yo konfime lendi 23 janvye sa premye minis defakto, asasen, diktatè, vòlè, gang, tchoul Core Groupe ki rele Ariel Henry a ap vin Buenos Aires nan reyinyon CELAC ki ap fèt nan jou madi 24 janvye a, nan Hotel Sheraton. Epi mèkredi 25 janvye a li ap reyini ak prezidan CELAC e anmenmtan prezidan peyi Ajantin nan Alberto Fernández.

Yo kontinye pou di nan lèt sa: Nou tout konnen sa Ariel ak tout akolit li yo ap fè pèp Ayisyen an pase, nou konnen kijan men yo tranpe nan krim ak nan kidnaping, nou wè jan yo rann peyi a envivab, nan ka sa a, nou pa ka aksepte prezans moun sa yo pa bò isit.

Yo pa mete dlo nan bouch yo pou yo di : Ariel se tchoul peyi enperyalis yo ki ini tèt yo nan CORE GROUPE pou fè nou soufri. Plan yo se kontinye mete plis tchoul enperyalis ameriken sou pouvwa pou ka kontinye ak sistèm newokoloni yo mete andan peyi a depi 1915, pou yo kontinye vòlè tout resous pèp la e kontinye fè Ayisyen travay pou degouden pou yo ka rich sou do nou.

Ariel pral vin pale pou mande sou do nou epi pèp la p ap jwenn anyen, li ap toujou nan menm grangou a, menm mizè a, menm soufrans trip kòde a. Li pral vin montre l ap fè yon bagay andan peyi Ayiti, li pral vin montre li se chèf, kibò sa nèg sa yo pa chèf tèt yo, anplis yo pa ni legal, ni lejitim nou pa ka bliye se yon tweet CORE Groupe ki mete yo la. Nou tout konnen li p ap regle anyen, se kondi l ap kondi peyi a nan labim pi mal, paske se sa ki bon pou li ak peyi enperyalis ki kanpe dèyè li yo.

Toujou Ayisyèn yo ki ap eksprime kolè yo : Se sa yo nou konnen ki fè anpil nan nou nan divès vil nan peyi Ajantin resevwa apèl lòt konpatriyòt pou òganize nou, pou nou al di n pa dakò ak prezans Ariel nan peyi a.

Pou yo kapab atenn ak objektif sa, yo menm ki siyen nòt sa ap envite tout Ayisyen ki kapab nan yon konferans pou laprès ki ap bay nan lokal CTA-Autonoma jou lendi 23 janvye an, adrès lan se Bartolomé Mitre 744, CABA, lè a 9:30 nan maten, pou yo ini tout fòs yo e koòdone pou mach ki pral fèt madi 24 janvye a. Pou nou di non a prezans Ariel an Ajantin, pou nou di li se vòlè, diktatè, nou envite tout moun nèt nan yon mach CELAC SOCIAL ap òganize jou ki ap madi 24 janvye an, mach la ap soti Cerrito y Av. Santa Fe, CABA, a midi 12. Pou rive devan Sheraton lan.
Bouch an bouch youn di lòt, nou pa ka kite sa pase konsa fòk Ariel konnen gen Ayisyen konsekan tout kote, ki wè mal sa yo ap fè peyi a, ki dwe jwenn dwa granmoun li.

Siyatè:

Henry Boisrolin Rezidan ,Ayisyen Cordoba Ajantin Jean Alex Destin ,Rezidan ayisyen Rosario Ajantin

Eddyson Damas, Rezidan ayisyen Cordoba Ajantin

Nikson Pierre Louis , Rezidan Ayisyen Parana Ajantin

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar