Otorite imigrasyon amerikèn yo raple migran ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela lendi 23 janvye 2023 a plan an te antre anvigè dimanch, li pèmèt gouvènman an ka depòte yo imedyatman nan Meksik, si yo pa gen apwobasyon alavans pou yon demann pèmi imanitè pou antre nan peyi a.

Ladwàn Etazini ak Pwoteksyon Fwontyè (CBP) te di imigran ki soti nan kat peyi sa yo dwe mande otorizasyon davans pou vwayaje nan peyi Etazini, epi moun ki antre nan peyi a san papye yo pral ekspilse nan peyi vwazen an «rapidman».

5 janvye pase a, Prezidan Joe Biden te anonse yon plan pou sispann pasaj imigran atravè fwontyè Sid peyi a. Daprè plan an, Etazini pral aksepte anviwon 30 000 moun k ap chèche azil chak mwa, ki soti Venezyela, Kiba, Nikaragwa ak Ayiti, kidonk elaji pwogram ki te deja akòde pèmi imanitè pou Venezyelyen yo.Moun ki depòte nan peyi vwazen an nan travèse fwontyè Sid la iregilyèman, p ap kapab jwenn aksè nan pèmi imanitè yo, ni moun ki rive «ilegalman» nan Panama ak Meksik p ap kapab mande li. Se sa CPB te repete nan mesaj li yo atravè Twitter.

Pou aplike pou pèmisyon imanitè, imigran ki soti nan kat peyi sa yo dwe gen yon patwon Ozetazini, ki garanti l ap ba yo lojman ak manje, e reponn ak lòt nesesite.

Avèk plan sa a, Mezon Blanch lan gen entansyon genyen kontwòl imigran nan fwontyè Sid la nan peyi Etazini, ki kontinye anrejistre gwo kantite.

Nan mwa desanm 2022, CBP te rapòte li te entèsepte 216 162 moun sou fwontyè Sidwès peyi a, yon ogmantasyon 11% nan kantite yo te rankontre an novanm.

Nan yon deklarasyon, CBP te avèti ogmantasyon an te «kondwi an pati pa yon kantite moun ki ogmante nan kouri kite rejim otoritè nan Kiba ak Nikaragwa.

«Kesyon anpil moun ap poze, se èske pwogram iminitè sila ap gen ase posiblite pou estope kantite moun k ap pase pa Meksik pou antre ilegalman Ozetazini?

Jean Launy Avril, Centre à la UNE.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar