Lansman pwojè REZILYANS ki vize ede 4 seksyon kominal nan domèn agrikilti, kaptaj sous, rebwazman ak antretyen wout, se inisyativ Sosyete Enfòmasyon e kominikasyon Sosyal ekonomik (SIKSÈ) gras ak finansman PAM, lanse nan vil Ench lendi 06 janvye 2023 a.

Demaraj pwojè sa fèt avèk Kazèk, Azèk nan 4 seksyon komin Ench ak Reprezantan kèk OCB, nan kad yon atelye travay ki òganize 6 fevriye a, pou rive idantifye vrè pwoblèm yo e ki pral pèmèt SIKSÈ ak PAM rive aji selon Agwonòm Valéri LAGUERRE, ki se premye Reskonsab o nivo SIKSÈ.

Deklare aprè atelye sa ap gen vizit tèren yo pral fè tou onivo 4 seksyon yo. Reprezantan DDAC / Delege depatmantal la, Majistra komin nan, DINEPA, kazèk, Azèk ak dirijan OCB yo, ki aplodi insyativ la, swete pwojè yo reflete vrè bezwen Abitan yo.

Napoléon JACQUELIN, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841