Direksyon Depatmantal Edikasyon an nan Latibonit rankontre ak laprès pou detaye ansanm nouvo mezi ministè a pran

Direksyon Depatmantal Ministè Edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl yo nan Latibonit (DDEA/MENFP) rankontre ak laprès lendi 27 mas 2023 a nan lide pou anonse responsab Lekòl Piblik kou prive yo nouvo mezi ministè a pran pou anrejistre Lekòl yo nan peyi a, espesyalman nan depatman Latibonit.

Pwofesè Frisner Orelien ki se Direktè Depatmantal Biwo edikasyon an nan Latibonit, fè konnen demaraj pwosesis resansman sa ap dire yon mwa soti lendi 27 mas pou rive 28 avril 2023, nan sousi pou pèmet tout enstitisyon eskolè yo akredite kòm sadwa nan sistèm edikatif la.

Pi lwen, nimewo en edikasyon Latibonit la fè konnen, swit ak nouvo mezi sa ministè a pran pou lane 2023, tout lisans ak sètika lekòl yo te genyen an kite delivre pa ministè edikasyon rive konplètman anile, kote anrejitreman nan kad
Nouvo fòmilè deklarasyon sa pral pèmèt responsab lekòl yo resevwa otomatikman yon email, yon kòd anrejitreman pou fasilite lekòl sa yo:

1) Genyen yon nouvo pèmi foksyonnman nan kad yon demand
2) Yon pèmi pou Direktè k ap dirije lekòl la
3) Yon pèmi pwovizwa ansenye pou chak ensenyan k ap travay nan lekòl prive kou piblik yo.
4) Yon idantite pou chak elèv
5) Aksè ak yon Platfòm anliy MENFP ki konplètman obligatwa pou enskri elèv yo nan egzamen Leta.

Direktè Orelien deklare aprè anrejitreman sa a, responsab lekòl yo dwe achemine nan Direksyon Depatmantal edikasyon an (DDE), yon dosye konplè ki dwe genyen ladan l Email ki konfime anrejitreman lekòl la, lis fòmasyon klas yo ak lis anseyan yo selon sa ki di nan fòmilè a. Ki donk, 2 lis sa yo dwe sezi pa responsab lekòl yo sou Platfòm nimerik ministè avan yo mete fen nan pwosesis anrejitreman sila.

PIBLISITE PEYE

M. Orelien fini pou di Pwofesè ki ta genyen difikilte pou ranpli fòmilè sa kapab jwenn yon pwòch li oubyen yo kapab pase nan BDS yo pou jwenn yon moun pou ede yo fè travay sa, swa sou yon telefòn Androyid, swa nan yon laptòp oubyen nan yon tablèt ki kapab dire 15 minit.

Tout Lekòl ki nan milye Riral yo ak nan sant vil yo ki pa t ko sètifye pa ministè edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl yo atravè peyi a, kapab ranpli fomilè sa menmjan ak tout Lekòl ki te deja lisansye, sètifye yo, daprè Direktè SAEPP la Pwofesè Fils Aimé Jean Réné Akim.

Israël CEDIEU, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841