Nan lèt sila a CADOA fè konnen li refere li nan atik 6 akò 21 Desanm 2022 a, ki fikse atribisyon Wo Konsèy Tranzaksyon an (HCT), tankou:
Kòdone yon dyalòg politik wo nivo sou baz yon konsansis ak divès sektè tankou; politik, sosyal ak ekonomik sou baz program sekirite, refòm konstitisyonèl, refòm elektoral, refòm sosyo-ekonomik ak bòn gouvènans.

Toujou selon lèt la CADOA, yo di yo konstate moun ki ap efondre Ayiti yo etou ki ap sipòte gang yo itilize enkapasite gouvèman an plas la, silans yon ansanm direktè opinyon pou yo ka fè yon bon sante politik. Yo obsève tou pèp Ayisyen an ki genyen bon memwa ki pran anesezi k ap dòmi.

Nan yon lèt tou louvri Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye (CADOA) adrese ak Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT) vandredi 31 mas 2023 a, yo pwofite raple Wo komisè yo misyon ak angajman yo ki chita nan atik 6 akò 21 desanm 2022 a.

CADOA di peyi a pa kapab kontinye nan ensètid sekirite kote gang yo ap feraye, pandan kominote entènasyonal la ki genyen yon konpòtman konplis fèmen je sou kriz Ayiti a. CADOA fè konnen gouvènman ki laa pa bay rezilta e li ta dwe genyen yon pase men ki fèt ladanl.

CADOA fini pou di HCT a dwe pran responsabilite li pou lanse yon dyalòg serye, k ap nan enterè pèp Ayisyen an.

N ap siyale depi apre enstalasyon HCT a, yo tou tonbe nan yon silans total. Yon silans ki lage anpil moun ki te genyen espwa nan HCT a nan yon despwa total selon temwayaj plizyè ladan yo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....